Souple tann...

Jeverson Ramirez : Nan Idòl Ameriken

18 avr

Jeverson Ramirez : Nan Idòl Ameriken

Jeverson Ramirez gen 28 an, orijinè vilaj Madigra, nan Senjòj, men k ap viv aktyèlman Nashville, TN, nan peyi Etazini, pou l pouswiv karyè mizikal li. Jeverson Ramirez melanje "rasin ensilè" li yo avèk divès lòt estil mizikal tankou reggae, funk, soul ak pop. W ap ka jwenn plizyè nan repriz li yo sou YouTube, tankou river (Leon Bridges) ak Tennessee Whiskey (Chris Stapleton, Accoustic).

An n fè listwa.

Jeverson Ramirez kontinye ap make listwa etanke premye atis grenadyen ki rive pwodui devan jij American Idol yo tankou Katy Perry, Luke Bryan ak Lionel Richie. Anfèt, li se premye grenadyen ki rive monte sou sèn "Idol" la.

Ramírez te entèprete klasik "Try a little tenderness" la (Otis Redding). E prepare w paske pèfòmans sa te pèmèt jwenn yon biyè an lò, sa vle di l ap dirije tèt li nan direksyon Hollywood, nan Kalifòni. Ramírez genyen kèk mizik ki pou li tou, tankou "Pray for your son" ak "Something in the water.

Sou sèn nan nan "American Idol" nan Hollywood.

Sou sèn sa l ap genyen pou l pèfòme anfas kèk lòt ay oa nan espwa pou l kalifye pou faz final ay o vin devni pwochen “American Idol” la.

Jiskaprezan sezon 21 “American Idol” la te chaje avèk talan, e Jeverson Ramirez pa t manke pami talan ay o

Fyète otoktòn.

Minis leta ki rèsponsab lajenès ak èspò, Hon. Ron Redhead, te deklare : "Reyalizasyon Ramirez la di anpil bagay sou talan anpil grenadyen genyen." Li te egalman felisite atis grenadyen an pou pèseverans ak zèl li nan pousuiv rèv mizikal li yo. Li te deklare ankò :"Ramirez se yon egzanp vivan, sou rèv ki vin reyalite depi w rete konsantre.

Minis Redhead te deklare :"Gouvènman an ap kontinye fè endistri atizay kreyatif yo, tounen youn nan domèn ki pral idantifye, devlope ak pwomouvwa konpetans ak kreyativite ki egziste nan nanm pèp grenadyen an

Pèsonalite medyatik e aktris grenadin ki rele Amanda Seales te dekri Jeverson konsa :"Enkwayab", epi l kontinye :"M pa wè pèsonn nan American idol la ki ka menm pwoche misye."

Li te pousuiv pou l di : “M te wè nonm sa jere yon fèt yon lè pandan anpil tan... vwa l pa janm fatige. Li chante san rete, tout tan l ap chante vwa l ap vin pi bèl. Nou dwe swete Jeverson Ramirez siksè nan American idol la. M sèlman espere yo pa janm rate yon okazyon pou yo leve endividi sa nan nivo atis li ye a deja.

Tout rezidan yo nan zile Grenad ak kèk nasyon nan gran zile nan Karayib la swete Jeverson Ramirez tout sa ki bon pandan l ap prepare l pou final lan!


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.