Souple tann...

Amerik Latin ak Karayib la Chèche Etabli yon Pwodiksyon Vaksen Rejyonal

02 nov

 FotoKoutwazi ckstockphoto 

Amerik Latin ak Karayib la Chèche Etabli yon Pwodiksyon Vaksen Rejyonal 

Pou reponn a grav peniri vaksen COVID-19 la nan Amerik latin ak Karayib la » (paho.org), Òganizasyon Pananamerikèn Lasante (OPS) te lanse yon platfὸm kolaborativ pou etabli yon pwodiksyon vaksen rejyonal kont COVID-19 (paho. com). 

Jiska prezan, se sèlman anviwon 23 % abitan nan Amerik Latin ak Karayib la ki konplètman vaksinen, nan anpil peye, kouvèti a pi fèb anpil (paho.com). Pa egzanp, yon ti diplis pase 3% moun vaksinen nan Gwatemala e yon ti plis pase 4% nan Jamayik (nytimes.com). 

Platfὸm nan ap soutni kolaborasyon ant peyi aka jans koperasyon , pandan y’ap aplike kapasite rejyonal biopwodiksyon famasetik rajyonal vaksen COVID-19 ansanm ak lὸt teknoloji medikal. Prensip la se pou fabrikasyon an pwofite a tout rejyon an, e se Fon renouvlab OPS k ap asire l de pwodiksyon e distribisyon famasetik rejyonal vaksen an pou tout peyi yo (paho.com). 

Pandan yo reyinyon vityèl, Direktris OPS la kise Dr Carissa F. Etienne, te envite fabrikan piblik tankou prive, li mande yo pou soumèt manifèstasyon enterè yo pou pwodwi reyaktif oubyen materyo pou kὸmanse pwodiksyon yon vaksen ARNm, teknoloji ki itilize nan Pfizer ak vaksen Moderna COVID-19 (paho.com). Jiskonnya, plis pase 30 antrepriz ak enstitisyon piblik kou prive eksprime enterè yo pou ede pote teknoloji ARNm nan nan Amerik latin ak Karayib la (pahao.com). 

Selon Dr Etienne, pwodiksyon mondyal la ki limite epi distribisyon inegal vaksen fas a anpil demand ki genyen ka antrave repons COVID nan ansanm rejyon yo. Dr Etienne deklare « Yon gran pati kote yo pote vaksen jounen jodia rete nan men gwo peyi rich yo nan mond lan ». "Nou dwe devlope pwodiksyon famasetik rejyonal yon fason pou nou ka gen kontwl " (nytimes.com). 

Dr Etienne ajoute : « Men sitou, nou wè gen nesesite pou kὸdinasyon, kolaborasyon, envèstisman ak solidarite. Nou panse ke yo se engredyan esansyèl pou devlὸpman e pwodiksyon nouvèl teknoloji medikal nan Amerik latin ak Karayib la" (paho.com). 

Sous: 

 

nytimes.com 

paho.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.