Souple tann...

Avansman pou yon Ladominik dinamik

13 jiy

 

Fotokoutwazi estidyo Prostock 

Avansman pou yon Ladominik dinamik 

Pou senkantenyèm anivèsè l, e ki fè anpil pale de li nan rejyon karibeyèn nan, pwojè èpòtla  nan Ladominik vini yon reyalite.(thecaribbeansnow.com) 

Nan dat ki te 9 Jen 2021, gouvènman Ladominik siyen yon kontra avèk UAE ki baze nan Montreal Management Consultant Est. (MMCE) ki se yon fason pou yo mete èpòt entènasyonal lan sou pye. (thecaribbeannewsnow.com) 

Pwojè a preske evalye a yon milya dola karibeyèn. Pwogram Dominica’s Citizenship by Investment (CBI) ap peye tout lajan pou pwojè a. (prnewswire.com) 

Daprè chèf ki an tèt MMCE, doktè Anthony Haiden, “ yo pwal itilize metòd ki pi alamòd e ki pi sofistike nan endistri konstriksyon, pou yo ka  mete sou pye pi bèl èpòt nan rejyon an (thecaribbeannewsnow.com) 

Premye minis Roosevelt Skerrit pataje kontantman li sou pwojè sa nan moman seremoni siyati kontra a. Li fè konnen ke èpòt la pwal genyen yon konstriksyon ki standa. L ap genyen yon pon ki ap anlè (the Caribbeannewsnow.com). L ap gen tout ekipman pou resevwa pasaje entènasyonal ak machandiz.(thecaribbeannewsnow.com) 

Konstriksyon èpòt entènasyonal lan ka dire 5 lane e l ap fèt an 5 pati. E nan lane 2025, Ladominik ap gen posibilite pou li resevwa anpil vòl k ap soti an Ewòp avèk peyi Etazini.(thecaribbeannewsnow.com) 

Konstriksyon nouvo èpòt sa pap sèlman ouvè a vòl entènasyonal, men l ap ede anpil moun ki nan Ladominik twouve travay ki pèmanan (thecaribbeannewsnow.com). Daprè Skerrit èpòt la ap ofri anpil opòtinite a konpayi k ap ofri sèvis yo, soti nan moun k ap fè manje, ale nan moun k ap vann gaz. Epi soti nan moun k ap fè reparasyon ale nan moun k ap ofri sèvis masaj.(thecaribbeannewsnow.com) 

Anplis de sa siyati nouvo pwojè sa ankouraje lòt sektè, tankou transpò, touris, ofri plis travay nan plizyè kote, epi kreye yon bon ekonomi nan  repiblik Karibeyèn sa ki gen 43 lane. 

Tankou Skerrit di, nouvo èpòt sa pwal yon pòt ouvè pou Ladominik e k ap pèmèt anpil moun chape poul yo pou yo ka vin dekouvri peyi sa. (the caribbeannewsnow.com) 

 

Sous: 

prnewswire.com 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.