Souple tann...

Plizyè Peyi nan Karayib la Plase nan Nivo ki Ba nan Risk pou Trape Kovid 19 Daprè CDC

23 jiy

Foto: Koutwazi olegbreslavtsev 

Plizyè Peyi nan Karayib la Plase nan Nivo ki Ba nan Risk pou Trape Kovid 19 Daprè CDC 

Sant Kontwòl Maladi (CDC) dènyèman plase kèk peyi nan Karayib la tankou Angila, Antigwa ak Babuda, Ladomini, Sen Batelemi avèk Turks and Caicos kòm peyi ki genyen pi fèb risk pou trape Kovid 19 pou kapab vwayaje alèz, yo plase nan kategori 1. (cnn.com) Genyen peyi ki nan Karayib ki te deja fè pati de kategori sa tankou Lagrenad, Montserrat, Saint Kitts and Nevis, Saint Estatius, avèk Cayman Islands.(cnn.com) 

CDC genyen kat kategori de menas Kovid 19. CDC rekòmande pou vaksinen kelkeswa kategori peyi a ladan l lan. Men konsèy sa varye depann de fason maladi a frape nan chak peyi.(cnn.com) 

4 kategori sistèm CDC 

Kategori 4: pi wo nivo kovid 19 

Evite vwayaje nan peyi sa yo. 

Kategori 3: nivo wo kovid 19 

Li ta pi bon pou w ta vaksinen avan w vwayaje. 

Moun ki pa vaksinen pa ta dwe vwayaje si pa gen ijans nan peyi sa yo. 

Kategori 2: nivo ki plizou mwen nan kovid 19 la 

Se pou ta vaksinen avan ou ta vwayaje nan peyi sa yo. 

Vwayajè ki pa vaksinen yo epi ki gen risk pou devlope gwo maladi akoz  kovid 19 la pa ta dwe vwayaje si pa gen ijans. Si w ta renmen vwayaje epi ou gen dout sou sa, li ta pi bon si w pale de sa avèk doktè ou. 

Kategori 1: nivo kovid 19 ki pi ba 

Se pou ta vaksinen avan ou ta vwayaje. 

Dapre CDC, pou ta kalkile nivo de risk yon peyi, premye kritè yo se: 

Destinasyon avèk plis ke 100,000 moun 

Nivo ensidan: (nouvo ka total pou plis ke 28 jou pa 100,000 moun) 

  1. a)kategori4: plis ke 500 moun 
  2. b)kategori3: 100 a 500 moun 

c)kategori 2: 50 a 99 moun 

  1. d)kategori1: mwens ke 50 moun 

Nouvo objektif: (eske pa jou nouvo ka sa yo monte, diminye, oubyen rete an plas pandan 28 jou sa yo?) 

Destination avèk yon popilasyon ki 100,000 moun ou mwens 

Ka kovid 19 ki kontwole: ( nouvo ka total pase 28 jou) 

a)kategori 4: plis ke 500 ka 

  1. b)kategori3: 100 a 500 ka 

c)kategori 2: 50 a 99 ka 

d)kategori 1: mwens ke 50 ka 

Nouvo objèktif: (eske pa jou nouvo ka sa yo monte, diminye, oubyen rete an plas pandan 28 jou sa yo?) 

Akoz se yon rejyon ki depann de touris, peyi Karayib yo kontinye ap fè pale de yo nan kenbe nivo ka kovid 19 yo ba e pwoteje  tèt yo pou vizitè ak moun ki ap viv la.  

 

Sous: 

cdc.gov 

cnn.com 

travelweekly.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.