Souple tann...

Epwizman Mantal Nan Karayib

18 mas

 

Epwizman Mantal Nan Karayib 

5 Fason pou Ede Amelyore koze Epwizman Sante Mantal 

Sanble ke epwizman sante mantal ak depresyon mache ansanm nan moman sa yo. Pandemi Mondyal la touche nasyon Karayib yo, deklen touris ke karantèn nan koze, ouragan, twoub sivil ak menas mondyal. Se planèt la tout antye ki sanble ap pran gwo baflad depi de dènye ane yo. Se pousa kenbe sante mantal ou pandan peryὸd panik sa yo enpὸtan anpil nan sante global la. 

Me sa Dr Robert Bright ki nan klinik Mayo ki remake pwoblèm lan te ekri: 

"Se vrèman kolizyon de fὸs majè. Dr Bright esplike, se tankou n ap viv nan de fim djab an menm tan". "E moun yo gen reyaksyon emmosyonèl trè enpὸtan, trè reyèl e trè nὸmal a tout sa ka p pase yo. E sa ap kontinye vini sou yo sou tout ang." 

Konnya pran tout sa lemond ap travèse epi ajoute preyokipasyon ki pwὸp a zile yo nan Karayib la. 

Kisa nou dwe fè antan ke nasyon k ap viv sou zile nan Karayib la ? 

Ede nou yonn lὸt konsantre sou sante mantal pandan ane k ap vini an. 

1 | Tou dabὸ, rekonèt siy epwizman mantal. 

  • Pwoblèm konsantrasyon
  • Mank enèji jeneral
  • Ti kras motivasyon oubyen pa gen motivasyon ditou
  • Yon santiman dezespwa
  • Difikilte pou dὸmi lanwit
  • Strès pandan w ap manje oubyen pa manje menm
  • Retrè aktivite nὸmal
  • Soti sou lὸt moun yo

2 | Somèy, egsèsis ak nitrisyon esansyèl. 

Asire w ke ou menm ak pwὸch ou jwenn yon kantite kὸrèk nan twa sa yo. Plis ou soti, bouje, sosyalize e manje repa sen, pi byen w ap kὸmanse santi w. 

3 | Ekri l, epi konsantre w sou sa ki pozitif. 

Lske w mete santiman w nan yon jounal, ou ka kite yo sou papye. Ekri sa w santi e tout emosyon k ap travèse w. Answit, fèmen jounal la e eseye panse a sa ke w dwe rekonesan anvè yo. Panse pozitiv kontribye anpil a ekilibre sibstans chimik nan sèvo w. 

4 | Verifye sou lὸt yo. 

Pran swen yonn lὸt. Nou bezwen yon vilaj pou elve timoun yo e yon zile antye pou simonte pwoblèm ak twoub mondyal. Si w pa wè ou pa tande pale de yon vwazen ou yon zanmi depi yon bon tan, asire w ke w verifye.   

5 | Mande èd 

Si w santi ke depresyon an gen yon enpak negatif sou lavi w, se yon bon lide pou mande èd. Pa gen kenn wont pou mande èd sitou nan klima aktyèl la. 

SOUS : newsnetwork.mayoclinic.org, mhanational.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.