Souple tann...

Mis Pòtoriko Karla Guilfú.

29 sep

Mis Pòtoriko Karla Guilfú. 

Felisitasyon pou mis inivè Pòtoriko, Karla Guilfú, ki te kouwone nan sant bèl atizay Santurce nan San Juan. Orijinè de Patillas, diplome nan sikoloji ak 24 lane sou tèt li te rive seleksyone gras jij yo epi rive ranpòte nouvèl kouwòn nan nan "Evolución". Kote l te afwonte 29 lòt bèl konkiran  akonpli.  

1- Premye finalis la se te mis Río grande Xarimar Acevedo. 

2- Dezyèm finalis, mis Toa Baja, Kiara Escudero. 

3- Twazyèm finalis, mis Isabela, Fiorella Medina. 

4- Katryèm finalis, mis San Lorenzo, Israel Román Almeda. 

Konkou Mis Pòtoriko A. 

Evènman sa te mete valè sou bote, asirans ak entelijans kandida yo, alòske yo t ap diskite lonè pou yo te devni vizaj Pòtoriko sou sèn mondyal la. 

Gras yon pwosesis seleksyon rigoure ki genyen antretyen, demonstrasyon talan ak kèk prezantasyon elegan, yon kandida eksepsyonèl te rive chwazi pou reprezante fyèman kilti ak lespri dinamik Pòtoriko nan prestijye konkou mis inivè a. 

Konkou mis Pòtoriko a ane sa, òganize gras José Santana ak Estefanía Soto Torres, mis Pòtoriko 2020 an, te gen anpil atis envite ladann. Pami atis te figire Tommy Torres, Luis Figueroa ak Carlos Vives. 

Jiri a te genyen ladann Kiara Liz Ortega finalis top 5 mis inivè nan ane 2018, ak plizyè lòt mannken, kèk eskpè nan kesyon mòd ak divès lòm dafè. 

Apwopo Gayan An Karla Guilfú. 

Li gen yon bote endenyab ak frapan, mis Guilfú se yon defansè sante mantal ak jistis sosyal avèk yon lanmou entans pou filantwopi. 

Guilfú se klèman yon pwofesyonèl nan mond konkou yo, dayè l te deja patisipe nan konkou mis sipranasyonal nan ane 2021, kote l te klase premye finalis. Touswit apre konkou mis Pòtoriko a, Karla Guilfú te ranpòte pri Fanm valè nan Loreyal Pari. 

Karla Guilfú se yon mannken pòtoriken ki deja ranpòte mis sipranasyonal Pòtoriko nan ane 2021, ansuit li patisipe nan mis sipranasyonal 2021, li klase premye finalis. 

Pòtoriko Ap Tann Avèk Enpasyans Mis Inivè 2023. 

Avèk yon kandida tankou mis Guilfú, fanatik mis Pòtoriko yo gen yon gran espwa pou yo ta ranpòte kouwòn mis inivè 2023 nan mwa Novanm, nan swasantdouzyèm edisyon konkou mis inivè a. 

Antisipasyon an grandi kounya alòske mis Pòtoriko ap prepare l pou l briye ak rivalize fanm nan tout mond la pou tit li konvwate a. 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.