Souple tann...

Misyon Lespas Pou Antigwè Yo.

19 sep

Misyon Lespas Pou Antigwè Yo. 

Lè w ap pase tan avèk manman w, m rete kwè ale nan lespas pa janm vini nan lespri w ! Ebyen, tout moun pa panse menm bagay. Se yon misyon lespas pou de moun manman ak pitit fiy li ki te rantre nan listwa antanke premye Antigwè ki te dirije yo nan direksyon lespas. 10 Dawout 2023, yo te anbake sou vwayaj Virgin Galactic la nan Spaceport America, tou pre nouvo meksik pou yon vwayaj reyisi bò kote etwal yo. 

Misyon Espas : Dyo Manman Ak Pitit Fiy  

Manman an ki se Keisha Schahaff, kotch nan sante ki gen 46 ane sou tèt li, te akonpanye avèk pitit fiy li, Anastasia Mayers, 18 lane, etidyan nan Inivèsite Aberdeen nan peyi Ekòs. Anastasia Mayers ale nan Inivèsite lwen lakay li, se pandan l t ap vwayaje avèk Virgin Atlantic Antigua nan peyi Londres, li remake yon piblisite pou yon vwayaj gratis sou Virgin Galactic. Menm kote a yon limyè limen. Li te ranpli fomilè pou l patisipe nan konkou a, kèk mwa apre li dekouvri l fè pati 20 finalis. Apre sa 5 finalis, li la pi rèd, alafen Anastasia te rive nome kòm ganyan yon vwayaj espasyal ! 

Keisha Schahaff te deklare nan BBC : "Pou mwen menm avèk pitit mwen se yon rèv ki tounen reyalite. Se pitit mwen, mwen renmen ak tout kè m, e rive konnen nou pataje menm objèktif ak menm rèv, pa gen pi gwo kontantman pase sa pou mwen". 

Keisha ak pitit fiy li Anastasia te rive rann moman sa memorab ak istorik gras yon viktwa nan yon konkou nan mwa Novanm 2021.  Byenere manman sa avèk pitit li te pwofite vwayaj sa gratis ( pri lansman yon vwayaj nan lespas nan Virgin Galactic kòmanse nan 200 000 $/moun). 

Pandan vwayaj yo, yo te fè eksperyans apezantè pandan yo t ap vole nan 55 miles anwo sifas tè a. Pandan tan, St. Jhon Antigua te òganize yon gran sware pwojeksyon piblik pou pèmèt chak moun pwofite moman istorik sa. 

Premye minis la Gaston Browne te ankouraje jèn Antigwè ak Baboudyen yo pran egzanp sou "vwayaj pyonye" Schahaff ak Mayers la. 

"Antigwa ak Babouda ap rete grave nan memwa pami zetwal yo", Browne te deklare, epi l te souliye "Pa gen oken limit nan sa Antigwa ak Babouda ka akonpli". 

 

Moral istwa a : Vize zetwal yo pito ! Paske w pa janm konnen ki lè rèv ou ka vin reyalite. 

SOUS: caribbean.loopnews.com, mymodernmet.com, dailymail.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.