Souple tann...

Montserrat Rantre nan Pwogram Tenb Travay

26 fev

Montserrat Rantre nan Pwogram Tenb Travay

Vandredi ki te 29 janvye 2021, Montserrat rantre nan yon pwogram tenb de travay pou vizitè nan zòn nan ki vle deplase, travay, ak eksplore, ki rele Montserrat Work Remote Stamp.  San pa gen tras maladi Kovid 19 depi nan mwa jiyè 2020, ouvèti sa se yon bon zafè pou antrepriz ak sitwayen Montserrat.

Tankou vis premye minis Doktè Samuel Joseph te di nan TheCarribeanNewsNow.com:

“Pandemi mondyal sa chanje fason nou viv ak travay, nan mezi ke grandèt yo ap akselere adopsyon teknoloji, nesesite pou fizikman prezan pou asime responsabilite pwofesyonèl te repanse.”

Pwogram travayè a distans pou 12 mwa

Pwogram sa se pou tout moun ki ta swete eksplore Karayib la ak Montserrat pou yon bon tan e kap travay a distans. Gouvènman Montserrat a travay ak bon jan dilijans pou kritè yo ak aplikasyon yo kapab fèt.

Etap yo se:

Ou dwe kapab pwouve ke ou kapab travay pou kò’w nenpòt kote’w ye e ou kapab itilize teknoloji.

Aplike e peye frè ki pa ranbousab tankou:

  • pèsonèl: $500 US (1350 EC$)Koup: $500 US (1350 EC$)
  • fanmiy a 3 moun: $750 US (EC $2025)

Fò gen prèv ke yo enskri nan yonn nan 3 kategori sa yo:

  • kontra avèk yon travay nan yon lòt peyi
  • patnè oubyen envestisè nan yon antrepriz nan yon peyi etranje.
  • moun ki kontraktè oubyen kap ede kliyan sou kontra kap viv nan yon peyi etranje.

Pou fini, lajan ki rantre nan men sipoze evalye a 70 000$ US. (189 000$ EC)

Si nou ta reve travay nan yon yon paradi tropikal, e si nou reponn a kritè sa yo ki sot site la, se chans paw.

Nou swete’w bòn chans!

Kredi: monstserratremoteworker.com ak thecaribbeannewsnow.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.