Souple tann...

Demenajman kèk Rezidan pou Nouvèl Ayewopò Entènasyonal la nan Zile Ladominik

06 jan

Demenajman kèk Rezidan pou Nouvèl Ayewopò Entènasyonal la nan Zile Ladominik 

Gouvènman an nan peyi Ladominik te anonse, rezidan yo ki te touche akoz konstriksyon masif yon milya dola, ayewopò entènasyonal Ladominik la kòmanse enstale yo nan nouvo kay yo a. E se yon ekselan nouvèl pou moun brav sa yo k ap viv Ladominik. 

Lojman pou relokalize  rezidan  

Joe Butron ki se yon moun ki nan zafè konstui lojman te konstui 37 kay nan sezon otòn nan pou fanmiy ki te frape yo. Sa vle di, premye minis la Skerrit te di pwojè a gen anpil pwobabilite pou li pa fini avan finisman ane 2026. Men pandan tan sa, rezidan yo gen yon kay ki pi asire ak yon nouvèl istwa ki gen de branch, yon lopital avèk yon sant medikal. 

Kay sa yo pral premye kay k ap reziste avèk klima a pou rezidan nan Ladominik. Anplis, kay sa yo dwe reziste devan tout enpak klimatik. Sekirite avèk estabilite te pilye pwojè a, sitou apre pasaj siklòn Maria nan ane 2017. Peyi a te kòmanse tou, konstwi kèk wout, kèk pon, kèk lopital ak kèk sant sante. 

Plis pou sosyete devlpman sa 

MMC devlpman ap sipèvize pwojè a, se yon anyen patnè  pou gouvènman Ladominik la. Motivasyon yo se founi kèk kay ak kèk pwojè ki ka fè rezistans avèk klima a sou tout zile a. Men se pa sou sa sèlman y ap travay. MMC devlopman ap konstwi kèk estalasyon medikal, edikatif nan enterè abitan yo. 

Gen lòt bon nouvèl ankò, men fwa sa se pou lekòl primè Wills Strathmore Steven nan Marigo. Gouvènman an nan Ladominik te anonse, youn nan lekòl ki te gravman andomaje akoz ouragan Maria, te rive louvri pòt li ankò nan mwa Me 2022 a, apre yon restorasyon ki te koute plis pase 2 milyon dola. 

Yon gwo mèsi pou gouvènman an nan peyi Kanada pou finansman pwojè rekonstriksyon lekòl sa. Yo te rive modènize biblyotèk la, oditoryòm nan, laboratwa enfòmatik la, kafeterya a, twalèt yo ak kwizin nan, ansanm avèk sal konsèy ak oryantasyon an. 

Yon rezidan nan Ladominik ka egalman rejwi pou lopital Marigo a ki renove sou de etaj, ki genyen yon kapasite pou 75 Kabann ak kèk enstalasyon modèn ki ekipe ak kèk sèvis esansyèl. Nouvo sèvis yo gen yon inite ki travay nan swen entansif (usi), yon laboratwa ak yon radyoloji, yon sant twomatoloji, yon matènite ak kèk swen pedyatrik. 

Non sèlman devlpman sa bay rezidan ki konsène kèk lojman, men tou li kreye kèk anplwa pou plis pase 200 moun, nan peryòd ki pi chaje nan konstriksyon an, paske abitan Ladominik bay tout sèvis. 

 

SOUS: thecarribeannewsnow.com, associatetimes.com, dominicanewsonline.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.