Souple tann...

"EVRIMA" Yon Nouvo Bato Kwazyè Nan Zile Senkit.

03 fev

"EVRIMA" Yon Nouvo Bato Kwazyè Nan Zile Senkit. 

Samdi ki te 26 Novanm ki sot pase a, Senkit ak Nevis te akeyi nouvo bato kwazyè yo a, "EVRIMA", sa ki fè sizyèm bato liks nan lis flòt yo a. Senkit gen kapasite pou li akeyi bato kwazyè nan kapasite sa gras konsantrasyon entans li sou founiti, ki se yon destinasyon atreyan pou tout touris. 

"EVRIMA" se premye yatch Ritz-Carlton ki vin ajoute nan nouvèl liy koleksyon an. Menm jan an tou, se premye yatch ki sanble avèk pwopriyete Ritz-Carlton ki genyen tout konsepsyon ki pi resan e ki pi rafine pami pi bon yatch nan mond la. "EVRIMA" ka resevwa jiska 298 moun e li pwopoze kèk komodite ki pi liksye avèk kèk envite espesyal abò bato a. 

Marsha T.Henderson te eksprime gratitid li anvè Ritz-Carlton koleksyon paske l te chwazi Senkit pou li te ka patisipe nan itinerè bato kwazyè sila a. "Konpayi kwazyè liks yo ki chwazi avantire yo nan Senkit, endike destinasyon an te san dout espesyal, li ofri kèk eskperyans inik ak eksploratwa." 

Abò bato liksye sa, w ap ka dekouvri bagay sa yo : 

  • Sona (Saunas) 
  • Yon sèvis blanchisri 
  • Fimwa avèk siga ki soti nan peyi Kiba 
  • Yon kote pou w fè espò 
  • Massaj ankoup 

Nan deklarasyon li a, minis Henderson te di pawòl sa ; "Rejyon Karayib la gen tandans enpoze li sou lòt destinasyon kwazyè mondyal yo, se sa k fè li esansyèl pou Senkit pozisyone li yon fason pou atire atansyon konpayi kwazyè yo avèk pasaje yo, respektivman." 

Pasaje yo ka achte san pwoblèm nan pò kote bato yo fè eskal la, tankou nan pò Senkit la, pò Zante epi pwofite jwi atizana lokal la, nouriti varye a, kèk bwason konsa yo ka rasanble kèk souvni.  

Avan w retounen abò bato a, kliyan yo envite pou yo vin dekouvri chwa vizit yo avèk peyizaj zile popilè sa genyen pou li ofri. 

  • Fòterès ak pak nasyonal Brimstone Hill 
  • Ba bò plaj Vayb 
  • Klèb nan plaj Carambole 
  • Gran kay Fairview 
  • Pò Zante 
  • Plaj rege 
  • Moulen pou epis 
  • Chemen an fè panoramik nan Senkit 
  • Karibèl Batik 
  • Jaden avèk lakou palmye 

An tout evidans, Senkit eksepsyonèlman fyè pou li akeyi kèk bato kwazyè ki gen nenpòt gwosè. Nòmalman, tout Karayib la kontan pou yo selebre rekòmansman aktivite kwazyè yo sou zile yo. Jiskaprezan, Senkit deja resevwa plis pase 10 460 kwazeris (Touris) sou zile a. Yo espere wè w apre. 

 

SOUS: www.associatestimes.com, www.loopnews.com, www.sknvibes.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.