Souple tann...

Kouvre fe a pwolonje nan Jamayik

29 sep

kouvre fe a pwolonje nan Jamayik  

Tankou sa te di deja, Premye minis  Holness anonse ke li ogmante nan lè kouvrefe a pou pwoteje sitwayen jamayiken yo de pwopagasyon viris Covid-19 la. Konnya yo pral pwolonje pou 2 semenn anplis, dapre sa l te di nan diskou li te fè premye septanm lan. 

Dapre rapò Caribbean News Now, me jou ke yo te vin ajoute nan kouvrefe: 

  • Dimanch5 sektanm 
  • Lendi6 sektanm 
  • Madi 7sektanm
  • Dimanch12 sektanm 
  • Lendi13 sektanm 
  • Madi 14sektanm

Pandan jou sa yo, pèsonn pa gen dwa soti pou yon dire 24 trè. Pèp jamayiken an dwe rete lakay li. Anplis de sa, peryòd kouvrefe a pap chanje soti 19 è pou rive 5 h nan landemen mèkredi jis rive vandredi. Kouvrefe ap tanmen a 18 è le Samdi. 

Nan lide pou frennen pwopagasyon maladi , pwogram caksinasyon an ap pouswiv. Anplis sila yo k ap chèche yon trètman medikal e k ap vwayaje a letranje ap gen otorizasyon ale dapre pwoblèm yo genyen. Lame a ap rete o gadavou, san restriksyon pou asire sekirite moun yo. 

Nan diskou li a, Holness te deklare: « Pou sektè prive a, mwen lanse yon gwo apèl bay antrepriz yo pou yo veye ke se sèl moun kin paka travay depi lakay yo vini nan biwo 

Ak kantite moun ki kontinye ap mouri ak lopital yo ki an kriz», Premye minis la ankouraje tout sila yo ki kapab pou travy lakay yo. Nan yon ti tan kip a twò lwen nou pral anonse lòt mezi pou bloka pwopagasyon viris la. Padan n ap tann, fè tout sa n kapab pou n rete antre nou, pratike distans sosyal ak potokòl COVID-19 lè nou gen pou soti. 

Nou dwe vijilan nan lit kont pwopagasyon viris nan fason sila yo: 

  • Toujoupote mas nan tout lye piblik yo. 
  • Siwmalad, mande yon tès e rete lakay la. 
  • Limiterasanblemana dis envite pou pi plis. 
  • Kenbedistans sosyal la. 
  • Ajitankou pwopriyetè antrepriz rèsponsab pandan y ap asire distans sosyal la epi dezenfekte tout sifas yo. 
  • Lave mensouvan e pote yon dezenfektan. 

Ann jwe patisyon pan ou pou asire sekirite Jamayik pou jenerasyon k ap vini an. 

SOUS: JIS.gov.jm, Caribbeannewsnow.com, Jamaica.loopnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.