Souple tann...

Kanaval Notting Hill 2023 nan Lond.

06 okt

Kanaval Notting Hill 2023 nan Lond. 

Moun yo te debake anpil pou selebrasyon anyèl kilti ak istwa Karayib la, ki make 75è anivèsè depi Windrush te rive. Plizyè milye moun te patisipe nan defile triyonfal pou granmoun ki te klotire festival sa nan kòmansman mwa Septanm. 

Funatik Mas Band se yon ekip moun talantye, amizan ak pasyone ki te reyini pou ofri envite yo yon eksperyans ki gen tout bagay ladann , sekirize, koyeran ak gran kalite nan Lond. Kolèktivman, ekip la te viv yon eksperyans kanavalès, avèk mizik ak degizman, ki etann sou plis pase 30 ane nan kèk peyi tankou Trinidad ak Tobago, Babad ak Wayom Ini. 

Rezilta global pou ane 2023 a. 

Kilti a nan Ladominik genyen de aspè enpòtan : mizik avèk dans. Selebrasyon anyèl endepandans la montre yon eksplozyon chan ak dans tradisyonèl ki presede depi 1997 ak kèk semèn ekspresyon kreyòl tankou "Festival mondyal mizik kreyòl" ak "kreyòl nan pak". 

Laplipa nan patisipan yo nan kanaval Notting Hill te pase kèk moman fantastik, selon chèf polis metwopoliten an te deklare, pandan yo t ap enkyete yo akoz kèk ensidan vyolan yon ti gwoup moun danjere te komèt. Susan Hall, kandida konsèvatè pou eleksyon kòm majistra Lond pou ane 2024, te mande pou kanaval Notting Hill la deplase nan lari zòn lwès la pou l pran direksyon yon lòt zòn kote y ap ka kontwole l pi byen.  

Jodi a, Rishi Sunak te deklare efizyon san yo pwouve nesesite pou yo bay polis la ak tribinal yo kèk pouvwa pi otoritè pou lite kont kèk swadizan "kouto zonbi" ak manchèt. 

Demenajman Kanaval Notting Hill La. 

Yon pòt pawòl meri Lond la, Sadig Khan, te deklare evènman sa "Te pran nesans nan kominote Karayibeyen an nan Nò Kensington ak Notting Hill e sa dwe rete konsa". 

Men Susan Hall kandida konsèvatè pou meri Lond, te deklare nan LBC : "Sa trè boulvèsan, mwen byen pè pou sa pa pwdui chak ane. Se yon bagay enkwayab kanaval Notting Hill la. M te ka di tou senpleman pou yo deplase li. Deplase li kote sitiyasyon an ka pi byen kontwole pase jan sa fèt aktyèlman. Paske se tèlman bon ak tèlman reyisi, ki fè anpil anpil moun patisipe ladann, sa rann fè tou li vin pi difisil pou kontwole, alò mwen egzòte moun yo chèche lòt kote" 

SOUS: www.associatestimes.com, www.theguardian.com, www.dailymail.co.uk 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.