Souple tann...

Mank enfrastrikti Skolè Kontribye Anpil a move Kalite Edikasyon nan Karayib la.

11 out

Mank enfrastrikti Skolè Kontribye Anpil a move Kalite Edikasyon nan Karayib la. 

Eske etidyan yo sou zile Karayib la ap soufri pou yon edikasyon de kalite ? Ekspè yo t ap di wi y ap soufri. Menm jan, ekspè yo mete yo ansanm pou di enfrastrikti lekὸl yo pa apwopriye pou yon bon eksperyans aprantisaj pozitif. Anpil ap di ke sa dwe chanje tou suit. 

Kijan Enfrastrikti skolè afekte aprantisaj 

Yon imèb se yon imèb, pa vre ? Pa nan Karayib la. Gade byen, lavi touristik la chaje dekadans ak bote. Men lavi timoun yo k ap grandi nan zile yo ka tout bagay sof konftab. Deplis, edikasyon y oak vi granmoun yo soufri de sa. Me kèk gwo faktè ki kontribye a move kalite edikasyon ke anpil jèn timoun ap resevwa nan zile yo nan Karayib la. 

  • Yon gwo mank nan sistèm chofaj ak refwadisman apwopriye rann elèv yo flou epi mizerab.
  • Fenèt yo bloke epi lè pa sikile.
  • Pipit yo plante nan tè nan plizyè lekὸl, sa ki bloke kreyativite anseyan yo ak aprantisaj kominotè.
  • Timoun yo pa ka wè bote a travè fenèt yo nan kèk lekὸl. sa limite kreyativite yo ak anpil lὸt bagay ankὸ.

Kisa enfrastrikti skolè ka pote ki bon pou elèv yo ? 

Pou mete batiman yo nan kalite nesesè, dwe genyen anpil chanjman pou edike kὸrèkteman fiti jenerasyon gason ak fanm nan Karayib la. Me kisa ekspè yo di sou kisa yon enfrastrikti skolè pozitf ap pote pou elèv yo. 

  1. Enstalasyon enklizif ap garanti tout timoun dwa a ledikasyon, lkeswa sèks yo, sitiyasyon finansyè oubyen andikap. 
  2. Yo mete aksan sou sante ak sekirite esansyèl gras a yon kontwl tanperati, a kalite lè ki anndan, yon bon ijyèn, yon ekleraj adekwa epi pwoteksyon ap ogmante kwasans.  
  3. Espas aprantisaj fleksib yo ap kondui lekὸl yo nan nὸm edikasyon aktyèl yo ak objektif aprantisaj, konpetans, travay ekip ak kolaborasyon elèv yo. 

Pou kèk moun, opὸtinite sa pou resevwa yon bon ledikasyon epi rete an sekirite pandan jounen an ka chanje tout bagay yo. Lekὸl karibeyen yo bezwen chanjman sa yo, elèv yo bezwen ajisteman epi generasyon fiti yo bezwen bon jan enfrastrikti skolè amelyore. 

  

SOUS: theCaribbeannewsnow.com, worldbank.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.