Souple tann...

Prepare W Pou W Afwonte Moman Chalè Nan Karayib La.

20 mas

Prepare W Pou W Afwonte Moman Chalè Nan Karayib La. 

Fowòm sou pèspektiv klimatik nan Karayib la (CariCof), ki gen syèj sosyal li sou zile Babad, te pibliye kèk previzyon ki endike yon afeblisman fenomèn ki rele "El niño" a, nan oseyan pasifik la ak kèk tanperati cho ki prèske bat rekò nan atlantik twopikal nò soti mwa mas pou rive mwa me ane sa. 

"El Niño" reprezante yon modèl klimatik ki karakterize ak yon rechofman inabityèl kèk dlo nan oseyan pasifik twopikal oryantal la, ki konstitiye faz cho a nan fenomèn "El Niño-oscillation australe (Enso). 

Yon Sezon Ki Nètman Pi Cho. 

Selon dènye piblikasyon CariCof la sou pèspektiv klimatik yo nan Karayib la, rejyon an ta dwe konnen yon sezon ki nètman cho, avèk kèk vag chalè rekiran pwobab depi nan mwa avril. Mwa mas la ka konnen ankò kèk nivo evaporasyon ki pi wo ak yon pik nan yon bout peryòd sechrès, sa ki kabap ekszasèbe kondisyon sechrès aktyèl yo ak ogmante risk pou forè pran dife nan kèk zòn. 

Sepandan, avril ak me, n ap atann ou ak yon gwo ogmantasyon nan entansite ak frekans kèk presipitasyon, ki antrene yon risk elve ki ka koz inondasyon, kèk kanal souden, ak kèk risk asosye nan laplipa rejyon yo, eksepte ABC oubyen ABK ki se Awouva, Bonè ak Kiraso. 

Èske Gen Yon Moman Sechrès Long Dire K Ap Vini ? 

Premye Fevriye 2024, yon sechrès long dire te obsève nan divès lokalite tankou, Antigwa, Dominik, Giyàn fransè, Gwadloup, Matinik, Senkits, Sirinàm, nan nò zile Beliz, nan lwès Kiba, nò zile Giyàn, Ayiti, Trinite ak Tobago ak zile van yo. 

Anplis, nan fen mwa me 2024 la, yon moman sechrès pwolonje pral gen pou pwodwi nan plizyè rejyon tankou sidwès Beliz, Gran Kayiman, rejyon enteryè Giyàn fransè, nodès ak anndan kèk tè nan Giyàn, sidwès Pòtoriko, elt. 

Li egziste yon posibilite ekstansyon oubyen pèsistans kèk kondisyon sechrès nan nò Beliz, nan mitan Kiba, Dominik, bò lanmè Giyàn fransè a, nan nò Giyàn ak Tobago. 

Prepare W Pou W Afwonte Kèk Tanperati Rekò. 

Pèspektiv sou tanperati yo depase 100 degre Fahrenheit nan plizyè rejyon e dire pwolonje kèk vag chalè sa sisite kèk enkyetid kanta evantyèl pàn elektrisite ki afekte de tyè nan peyi Etazini pandan sezon ete a akoz anpil demand kwasan pou klimatizasyon, ki konsome yon gran kantite enpòtan elektrisite. 

Kòman W Ka Rete An Sekirite Pandan Kanikil La : 

1|Enskri nan alèt meteyo yo 

2| Netwaye goutyè w ak desant plivyal ou yo 

3| Netwaye kay ou oubyen dekore l avèk yon koulè ki klè 

4| Mentni yon bon drenaj sou pwopriyete a 

5| Verifye si twati kay la pa koule. 

SOUS: caribbean.loopnews.com, www.winnmediaskn.com, www.dailymail.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.