Souple tann...

Prens William ak Kate Middleton genyen pou rann yon vizit nan Karayib la.

15 mas

 

Foto : gras ak emab otorizasyon RuthBlack 

Prens William ak Kate Middleton genyen pou rann yon vizit nan Karayib la. 

Nan dat 6 Fevrye 2022, rèn Elizabeth II, vin premye monak britanik ki rive selebre yon jibile platin, ki make 70 ane sèvis li pou pèp Waym-Ini an, lòt waym ki sou titèl yo ak "Commonwealth". Selon (royal.uk). Nan kad selebrasyon sa, rèn Elizabeth II, nan dat 19 pou rive 26 Mas 2022, prens Willam ak kate Middletown ap genyen pou vizite peyi sa yo : Beliz, Jamayik ak Bahamas, selon (thenews.com). Pandan vizit sa a tou, dik ak dichès la ap pwofite pou komemore jubile platin rèn nan, ankò selon  (thenews.com). 

 Vizit royal sa ap kòmanse Beliz, kote dik ak dichès la ap genyen pou yo vizite ak eksplore kèk sit,  istorik Maya, selebre kilti varye kominote garifuna epi eksplore biyodivèsite peyi. Selon (thenews.com). 

 Apre y ap genyen pou yo rann yo Jamayik, kote yo pral rann fòs ki responsab pou defann peyi sa yon vizit e selebre eritaj lejann ki te rele Bob Marley a ak kèk lòt mizisyen revolisyonè, san konte kèk lòt mizisyen ki nan wout pou yo lejann pa twò lontan, selon  (thenews.com). 

 Fanmiy royal la deja prevwa klotire vizit yo Bahamas, kote y ap genyen pou yo pase yon bon ti tan ak kominote plizyè zile ak asiste yon defile "Junkanoo" ki fè non l deja atravè mond la. Yon defile k ap fèt nan lari kote ap gen mizik, dans e moun ki pral defile ap abiye ak rad ki soti nan kontinan afriken an, selon (en.wikipedia.org) 

Fanmiy royal la ap genyen pou panche tou, sou dega pandemi kovid-19 la fè nan Karayib la, paske , selon (thenews.com). 

Swivan pwogram fanmiy royal la, y ap genyen pou yo abòde kèk pwen rèn nan pran ak tout kè l, e ki twouve yo nan mitan travay altès la nan tèt kole ak fondasyon royal "Royal foundation", san n pa bliye pri "Earthshot", sante mantal ak enpòtans timoun yo genyen pou yon pi bon rezilta nan lavi, selon  (thenews.com). 

Nan sousi pou kominike ak plis moun nan lokalite yo pandan ti tan yo pral pase nan Karayib la, dik ak dichès la ap genyen pou rankontre ak plizyè gwoup moun, tankou timoun piti, jèn, jèn ki gen matirite deja, fanmiy, kèk travayè enpòtan, chèf antrepriz ak manm gouvènman an, selon  (thenews.com). 

Y ap genyen pou yo rankontre tou, sektè karitatif la ak kèk defansè anviwonnman, selon  (thenews.com). 

 

Sous: 

 

en.wikipedia.org 

royal.uk 

thenews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.