Souple tann...

Pwoteje kachalo yo nan Karayib la.

11 jiy

Pwoteje kachalo yo nan Karayib la. 

Kachalo yo nan peyi Ladominik ap kouri yon grav danje akoz polisyon, bri nan oseyan, kolizyon avèk kèk bato ak dechè plastik yo kontinye ap ogmante. Gwo bèt sa yo se yon seri bèt espirityèl ki pwofitab anpil pou ekosystèm nan. Kounya, kesyon n ap poze, "Se ki jan n ka fè pou n pwoteje kachalo yo nan Karayib la ?" ki esansyèl pou sante lanmè a. 

An n kòmanse aprann plis bagay sou kachalo yo. 

Kachalo yo kenbe youn pami distribisyon mondyal ki pi laj nan tout espès mamifè maren yo. W ap ka jwenn gwo balèn ak dan sa yo nan tout pwofondè oseyan otou glòb la. Balèn sa yo pase 85% nan vi yo nan pwofondè oseyan yo. Sa k enteresan an, kaka balèn sa yo rann pati nan ki pa twò pwofon nan lanmè a fètil epi kaptire kabòn. Pèdi popilasyon balèn nan nenpòt kote nan oseyan an pral modifye radikalman ekosystèm nan. Nan moman aktyèl la, kachlo figire pami lis bèt k ap disparèt e se devwa lalwa sou pwoteksyon maritim, selon NOAA, pou jere sa. 

 

Pwoteje Kachalo Yo. 

Anpil moun ak òganizasyon mete tèt yo ansanm ak nou pou yo aprann plis bagay sou kachalo yo ak pwoteje yo. Men, kèk fason pou kòmanse fè efò pou kenbe popilasyon kachalo yo vivan. 

Kèk fason nou ka pwoteje kachalo yo. 

-Polisyon an ka redui si n rive elimine dechè plastik yo, kote nou fè lapèch yo ak filè nou korèkteman. 

-Bri nan oseyan yo se yon lòt fòm polisyon ankò anpil moun inyore. Kachalo depann sou son pou yo kominike ant yo, lòske gen yon ogmantasyon son nan oseyan ki soti kay lòm ak kèk bato, balèn yo pa ka rive antann yo, ni resevwa siyal youn lòt. 

-Limite kantite moun nan oseyan yo epi mande envite yo pou peye chè pou yo ka nan oseyan an avèk kachalo yo. Lajan sa pral itilize pou konstui kèk koulwa pou kwazyè epi kreye pi bon kote pou kachlo yo viv nan oseyan an. 

-Prevwa kèk koulwa maritim pou pi gwo pakbo kwazyè yo. Bato ki pa genyen pwòp espas li nan oseyan an, ka fè kolizyon avèk yon kachalo, ka blese l gravman ak menm rive touye l. Kachalo yo renmen flote anviwon 10 minit nan somè oseyan an avan yo redesann nan pwofondè. Se nan moman sa yo menm, kolizyon yo plis fèt avèk bato yo.  

Sa se yon ti kras nan manman koze a, se sa k fè kèk rechèch siplemantè dwe fèt. Sansibilize mond la sou pwoblèm sa se premye etap la. Apre sa, pandan envèstisè yo ak syantifik yo ap mete fòs yo ansanm, planèt la ka kòmanse geri epi favorize yon anviwònman pozitif pou kachalo yo. 

SOUS: www.60minutes.com, www.NOAAFisheries.com, www.cbsnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.