Souple tann...

Aksè nan Plaj Piblik yo Pap Soufri Akòz Devlopè Yo

28 avr

Aksè nan Plaj Piblik yo Pap Soufri Akòz Devlopè Yo

Èske w te konnen pwopriyetè kay ki gen pwopriyete toupre aksè nan plaj yo ap eseye anpeche piblik la gen aksè a plaj ki toupre tè yo? Nan atik sa a, ou pral li kote Maria Browne , Minis pou Lojman, Tè, Travo, ak Renouvèlman Iben, repete ke aksè piblik plaj pa pral soufri akòz devlopè.  

Plaj Piblik ak Lwa yo 

Minis Browne di ke yon seksyon nan Lwa Planifikasyon Fizik ki di, "pa gen okenn pwopriyetè, pwomotè oswa okipan tè ki mennen ale nan yon plaj ki gen otorite pou anpeche moun jwenn aksè ak itilize plaj yo nan Antigwa ak Barbuda." 

Jiskaske tout bagay rantre nan lòd, Minis la mande tout moun ki ale nan plaj piblik yo pou yo pasyan nan kolaborasyon yo ak moun ki gen pwopriyete touprè plaj yo. Minis la di, "Otorite Kontwòl Devlòpman ak Depatman Sondaj ak Katografik te prepare yon Rapò Preliminè sou Aksè Plaj ki fokis sou aksè ak itilizasyon tout plaj nan Antigwa ak Barbuda." 

Vizitè ak Rezidan K ap Vizite Plaj Nou Yo 

Pandan lete a ap vin pi pre, restriksyon yo vin yon kesyon pou manm piblik la ak pou vizitè yo. Pa sèten de sa eksperyans plaj yo pral ye, te gen anpil enkyetid. Antigwa ak Barbuda asire ke w ap gen aksè a 365 plaj pa yo alantou zile jimo a (twin island). 

Plaj Antigua ak Barbuda pou Vizite 

1| Plaj Darkwood nan Antigua 

Plaj Darkwood sanble pi fasil, plaj ki pi fasil pou rive ladan pou nenpòt kote yon moun ap soti. Plaj sa prè Jolly Harbour anvè the English Harbour, pa pi lwen aprè Tamarind Hills. 

Lòt bagay ou ka jwi isit lan se Adventure Antigua, Turtle Beach Power Snorkeling, ak Antigua Reef Riders. 

2| Hermitage Bay 

Hermitage Bay se yon otèl liksye nan Antigua ki ba ou aksè nan plaj prive. Otèl sa a sitiye sou yon ti mòn fètil ki bay yon bèl imaj e ki prive tou. 

Yo gen tou beach cottages si ou prefere rete la. Otèl sa a bay tou kèk nan manje ki pi enkwayab nan Antigua ak plizyè opsyon adisyonèl pou vwayajè yo 

3| Plaj Turner 

Nan plaj Turner, yo gen parasòl gratis ak chèz disponib pou lwe. Laba a, w ap gen aksè a yon ba konplè ak rèstoran pou detann. Plaj Turner yo, sepandan, se pa opsyon ki pi bon pou timoun oswa moun ki pa konn naje. 

Antigua ak Barbuda akeyi vizitè li yo ak tout moun ki renmen plaj yo! 

 
Kredi: www.loopnews.com, www.ab.gov.ag, www.boundlessroads.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.