Souple tann...

Pὸtoriko Mete an èv yon Ogmantasyon Echelone sou Salè Minimὸm nan

10 nov

Pὸtoriko Mete an èv yon Ogmantasyon Echelone sou Salè Minimὸm nan

21 septanm 2021 an, gouvènè Pὸtoriko a, gouvènè Pedro Pierluisi, te siyen pwojè lwa ki vize pou ogmante salè minimὸm pou premye fwa depi plis pase 12 zan e laplipa moun santi yo satisfè. Apwὸch sa pwal fèT; a pati nivo aktyèl la ki se 7,25$ lè, to sa pwal pase a 8,50$ nan janvye 2023. Epi nan jiyè 2023, 9,50$. 

Salè antisipe yo kapab ankὸ ogmante a 10,50$ nan jiyè 2024. Men sa dwe atenn mezi espesifik e sa poko siyen. Mezi sa yo enkli nivo anplwa, nivo salè ak nivo aktivite ekonomik. 

Reyaksyon yo nan ogmantasyon salè yo 

Nan deklarasyon li lè siyati a, gouvènè Pierluisi te deklare : « Depi lontan, plizyè milye travayè sou zile nou an pa jwenn ogmantasyon salè minimὸm nan, men yo wè kou lavi a ogmante pou 12 dènye ane sa yo. Yon pèman 7,25$ lè vin pa vyab pou viv Pὸtoriko, li te tan menm pou te rann jistis a klas ouvwiyè a. »  

Kὸm nou kapab imajine sa, abitan Pὸtoriko yo te akeyi nouvèl sa ak antouzyas lè yo aprann ke ogmantasyon an kapab repwezante 2 000$ siplemantè pa ane pou yon travayè a tan plen. 

Yon lὸt kote, PRCC (Chanm Komès Pὸtoriko) a fè pa de apwobasyon li sou ogmantasyon pwogresiv to yo. Pwezidan PRCC a, Luis Gierbolini, te dabὸ enkyetel sou ogmantasyon to ke yo  te abὸde  a pati 2009 la. Li te soulaje ke yon apwὸch echelone te deside paske li vin pi fasil pou antrepwiz yo nan nasyon ensilè a.  

Lὸt bagay ankὸ, espwa a se ede Pὸtoriko soti nan maras ekonomik ke li tap sibi. 

SOUS: abcnews.go.com, apnews.com, theweeklyjournal.com, littler.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.