Souple tann...

Potoriko pran pozisyon kont COVID-19

19 nov

Potoriko pran pozisyon kont COVID-19

Twa aklamasyon pou kanpay reyisi nan Potoriko kont COVID-19 

Hip-hip-hooray pou Potoriko ak efὸ li yo pou lite kont Covid-19 sou zile a. Apre kantite ka nan prentan an, teritwa a reyalize gwo pwogrè nan vaksinasyon ak nan rediksyon transmisyon viris la. An fèt, dapre sous yo, « done ki soti nan Centers for Disease Control and Prevention nan dat 13 avril la, yo dokimante 1 550 nouvo ka. Men done resan yo ki disponib pou 21 septanm nan montre yon bès rive 361 ka pami 3,2 milyon abitan sou zile a. 

Rediksyon ka sa yo sou zile depase lὸt Eta ameriken nan sa ki gen pou wè ak rezilta gras a gwo jefὸ pou kwape pwopagasyon an, pou vaksinen ak bay lὸt direktiv. Lè l modifye egzijans nan zafè vaksen, Potoriko figire pami 10 premye yo nan klasman an matyè vaksinansyon. Moun ki gen plis pase 12 lane ki nan moman sa vaksinen totalman reprezante anviwon 76%. 

Pou yon dὸz inik, pousantaj la anviwon 85%, alὸske mwayèn nasyonal la se 56%. 

Anplis, kesyon vaksinasyon an pa konsidere tankou yon sijè politik, sa ki pa menm jan nan lὸt Eta yo. Sa pèmèt Potoriko depase Californie ak Connecticut. Laplipa Potoriken pa wè nan menm linèt ak repibliken oubyen demokrat. Politik la baze sou sa eta zile a ak kisa Eta a vle. 

Manda COVID-19 Potoriko emèt 

Kisa yo fè konsa ? Non sèlman yo retabli politik mas pou moun ki vaksinen ak sila ki pa vaksinen, gouvènè Pedro Pierluisi veye pou pa kite viris la tounen. veille à ne pas laisser les progrès revenir. Gouvènè a mete an èv politik sante piblik ak egzijans vaksinasyon sa yo. 

  1. Antrepriztankou restoran, salon kwafi, salon maniki, jimnaz ak kazino dwe fonksyone a mwatye de kapasite yo, sof si yo chwazi egzije pou kliyan yo vaksinen oubyen yon yo bay tès negatif, yo ka ogmante kapasite yo. 
  2. Travayèsante, pèsonèl skolè ak fonksyonè dwe vaksinen. 
  3. Toutvantalkὸl dwe kanpe a minui. 
  4. Teyatak restoran dwe fèmen a minui. 

Ak egzijans pou abitan Potoriko, Zile a se yon kote pi si pou viv e vizite. Alὸ, yon fwa ankὸ, hip-hip-hourra ! 

SOUS: Rollcall.com, news.yahoo.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.