Souple tann...

Mache Vwayaj Karayib 2023 nan Pòtoriko

06 jen

Mache Vwayaj Karayib 2023 nan Pòtoriko   

Konferans prensipal sou vwayaj Karayib la kòmanse semèn sa a nan Pòtoriko. Pou premye fwa depi kòmansman 2020, Caribbean Hotel and Tourism Association Caribbean Travel Marketplace tounen pou fè evènman sa a. Evènman sa rasanble achtè ak vandè ki soti nan tout mond lan pou vin nan Caribbean Travel Marketplace 2023 nan Pòtoriko. E eksitasyon pou evènman sa a palpab.   

Kisa Pou Atann Nan Mache Vwayaj Karayib la?  

Karayib la benefisye yon rekò pou resevwa touris depi 2019. Dapre Travel Weekly, « Ane pase a, dapre Tourism Economics, vwayaj yo, ak touris te fè anviwon $ 8.9 milya nan lajan yo fè nan zile a; sa a se yon ogmantasyon 39% pa rapò somè ki te genyen avan nan ane 2019 la." 

Mache a ap akeyi 1,200 delege nan kapital Pòtoriko semèn sa a pou mache a. Pral genyen 159 konpayi founisè, 25 peyi Karayib, 125 konpayi achtè, 23 mache, elatriye. 

"Nou wè touris nan Pòtoriko depase lòt destinasyon tankou Etazini e nan Karayib la nan sans pèfòmans, ki trè enkwayab", se te deklarasyon Leah Chandler, direktris maketin Discover nan Pòtoriko." Ou pa dwe pran sa san apresyasyon. Se anpil travay di, pa sèlman de DMO yo men endistri prive n yo ki angaje yo pou kreye yon destinasyon ki gen klas mondyal e nou ka wè sa nan chif yo." 

Kòman Mache an fonksyone ?  

Evènman sa a ki dire de (2) jou pèmèt randevou ant achtè ak vandè.  Revèy randevou an pral fè w konnen kilè ap gen lòt randevou ak founisè yo ap gen pou fèt nan kyòsk e andwa ki chwazi an. Patisipan yo dwe konnen Mache Vwayaj Karayib lan pa yon salon pwofesyonèl tipik.  Objèktif prensipal isit la se pou founisè yo e achtè yo negosye avantaj rejyon an.  

Avantaj Siplemantè sou Mache Vwayaj Karayib 

Mache vwayaj karayib 2023 nan Pòtoriko prevwa pou yo elaji avantaj manb yo pandan y ap kontinye devlope mache an. Yo espere egalman ogmante kantite kòb y ap rantre yo, atire touris e ogmante chif yo chak ane. Mache karayib lan espere kreye plis travay nan peyi an avèk yon kwasans mwayèn de 3,33%, swa plis pase 916 000 travay avan 2032.   

Zile an akwoche a sa ki te aprann pandan pandemi 2019 e 2020 an pou kontinye reprezante vandè yo nan mache an. Pandan y ap avantire yo nan nouvèl nòmalite an, zile yo anbwase tout mache yo, kanaval, fèstival e evènman tankou Taste of the Caribbean ak plis optimiz ak antouzyas. 

SOUS: caribjournal.com, travelweekly.com, witsummit.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.