Souple tann...

Retabli edikasyon

07 des

Retabli edikasyon

Selon Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF), lemond ap konfwonte yon kriz edikasyon a koz pandemi COVID-19 la, sa ki anpeche 77 milyon timoun ale nan sal klas pandan 18 dènyè mwa sa yo (thecarbbeeannewsnow.com). Pou UNICEF, dwa pou al lekòl esansyèl nan devlòpman, sekirite ak byenèt chak timoun (thecaribbeannewsnow.com). Ajans la estime ke « jenerasyon timoun ak jèn sa yo pa ka pèmèt yo pètibe edikasyon yo » (thecaribbeannewsnow.com). 

Lekòl yo louvri konnya Nan 117 peyi, ak 539 milyon elèv ki retounen nan klas, soti nan pre primè rive nan segondè (thecaribbeannewsnow.com). Sa reprezante 35% popilasyon total estidyan nan mond lan, kont 16 % ki te retounen lekòl nan septanm 2020, lè lekòl yo te louvri an pati nan 94 peyi (thecaribbeannewsnow.com). Sepandan, anviwon 117 milyon etidyan ki reprezante 7,5 % total la te touche akoz lekòl ki te fèmen nèt nan 18 peyi (thecaribbeannewsnow.com). Kantite peyi ak lekòl ki louvri an pati  oti nan 52 rive nan 41 pandan menm peryòd la (thecaribbeannewsnow.com). 

Menm si kantite lekòl ki aksèpte timoun yo retounen nan klas ogmante, nou pa dwe konsantre n sèlman sou reouvèti pòt lekòl yo. Objèktif prensipal la se fè yon jan pou timoun yo ratrape tout sa yo te pèdi pandan lekòl la te fèmen. Nan mwa me 2021, UNICEF, Òganizasyon Nasyon Zini pou edikasyon, syans ak kilti (UNESCO) ak Bank Mondyal te ini fòs yo pou lanse misyon Recovery Education 2021, ki sible twa priyorite (unicef.org): 

  • Touttimounak jèn yo retounen lekòl e resevwa sèvis adapte nesesè pou reponn a bezwen aprantisaj, sante, byenèt sikososyal ak lòt ankò. 
  • Elèvyo ap resevwa yon apratisaj pou ratrapaj efikas pou ede rekipere sa yo te pèdi. 
  • Toutanseyanyo prepare e soutni pou fè fas a sa timoun yo te pedi nan ane lekòl la ak pou entegre teknoloji nimerik nan ansèyman yo. 

Pou chak objèktif, nou fikse sib anbisye e n ap swi yo (unicef.org). UNESCO, UNICEF ak Bank Mondyal ede peyi yo, gouvènman ak otorite skolè yo ranpli misyon esansyèl sa e angaje ak gouvènman yo pou bay priyorite a finansman edikasyon pou twa priyorite sa yo » (unicef.org). 

Sous: 

thecaribbeannewsnow.com 

unicef.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.