Souple tann...

Restorasyon Resif Koralyen yo nan Antigwa.

20 des

Restorasyon Resif Koralyen yo nan Antigwa. 

Restorasyon resif koralyen yo nan Antigwa kòmanse ofisyèlman nan Antigwa ak Babouda, inisyativ pwojè restorasyon resif koralyen yo sou non "OceanShot" te lanse an premye yon seri nouvo modil koralyen sou tout etandi zile Antigwa a. 

Pwojè a se yon pwogram vedèt "Global citizen forum" avèk asosiyasyon pwofesyonèl enstriktè nan plonje. Pwojè sa ki fenk lanse ap kontinye mete ansanm estrikti bati ak koray vivan. Lè dlo kouvri yo, tou de fonksyone tankou resif natirèl pou yo lite kont ond tanpèt yo ak ewozyon yo, ki founi yon kote plizyè santèn espès ka okipe. E se yon bon nouvèl. 

Plan pou restore koray k ap peri yo 

"OceanShot" restore pati nan oseyan an ki esansyèl pou pèmèt moun siviv jodi a ak jenerasyon k ap vini yo. "San yon oseyan ki pwòp, nou pa ka pale sou itilite li tou", se biyolojis maren an doktè Debora Brosnan ki te fè deklarasyon sa. "Se pa sèlman yon pwojè syantifik, se yon solisyon wo nivo ki ka yon repons pou sove ti nasyon ki sou zile yo." 

"OceanShot" deklare li konnen kòman pou l konstwi, konsevwa epi lokalize resif yo pou yon pi gwo benefis pou bò lanmè yo e pou relanse aktivite lapèch ak akonomi ble kominote lokal yo. Gwoup la afime ankò plan te fèt apre plis pase mwatye nan resif nan mond la te deja detwi. Nòmalman, plis koray ap peri preske chak jou pase sa ki restore sou yon deseni. 

Ekip ekspè yo 

Pou "OceanShot", Brosnan te reyini yon ekip ekspè nan nivo lanmè, kèk biyolojis nan resif koralyen, kèk aktè nan lokalite a avèk enjenyè nan kesyon bò lanmè. Ekip pwofesyonèl sa yo te kolabore sou yon etid pandan yon ane sou ekosistèm Antigwa a. Kote, modelizatè sa yo te ede yo konsevwa kèk modil sou resif k ap kapab ede jere plaj yo pou yo toujou genyen anpil sab pandan y ap bay yon laboratwa vivan k ap pèmèt yo fè solisyon pou amelyore resif yo grandi. 

Objektif nou genyen pou resif nou yo 

"Nasyon ensilè nan Antigwa avèk Babouda santi yo fyè pou yo te pwomèt OceanShot sipò yo depi o kòmansman", se sa premye minis Antigwa ak Babouda Gaston Browne a te deklare. Browne se youn nan ekspè ki angaje li nan batay kont chanjman klimatik la devan nasyonzini pou zile yo nan Karayib la. "Nou se premye peyi kote solisyon evolitif sou pwojè sa te premye deplwaye." 

Bay priyoriye pou rezilyans oseyan yo ak yon ekonomi ble pou sitwayen nou yo fè pati devlopman k ap vini e ki pi kritik sou zile a Antigwa ak Babouda. Li evidan, sa fè pati yon tandans kwasan pou restorasyon koray yo nan Karayib la, avèk zile yo k ap ogmante detanzantan nan chèche restore ak replante koray pou ede sovgade presye ekosistèm yo a. 

 

SOUS: www.emcantigua.org, www.caribbeantoday.com, www.globalcitizenforum.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.