Souple tann...

Restorasyon Seven Mile Beach nan zile Kayiman

14 jan

Restorasyon Seven Mile Beach nan zile Kayiman 

Plaj Seven Mile nan Kayman bonjan bezwen restore sinon l ap disparèt. 

Soti nan prezantatè pase nan blogè rive nan Youtubè, yo tout te eksprime sousi pou restore plaj yo nan Zile Kayiman e yo te tande yo. Gouvènman prevwa envesti 21 milyon dola pandan 2 ane k ap vini la yo pou restore ekstremite sid Seven Mile Beach. E pwomès sa rive nan bon moman. 

Poukisa plaj Seven Mile degrade konsa? 

Rezon ewozyon se egzakteman sa w imajine a. Tanpèt ki sὸt pase yo depouye zile a de kouch sab ekstèn ki te kouvri yon pati nan plaj yo. Devan Marriott, dlo a rive jis nan nivo kote vakansye yo te konn gen abitid pran plezi sou chèz yo. Men èske tanpèt ak ewozyon pat konn frape plaj la ? Kisa kifè diferans lan konnya ? 

An tout onètete, pa gen yon sèl rezon ki koze ewozyon devastatris ke n ap gade sou Seven Mile Beach. Gade byen, batiman yo ki konstwi dirèkteman sou plaj yo pwovoke yon ewozyon kip a nὸmal. Anplis, aktivite sou plaj la ogmante nan dènye ane sa yo. Ak tanpèt e chanjman klimatik, plaj la pral disparèt si anyen pa fèt pou restore. 

Plan realimantasyon plaj nan zile Kayiman yo 

Pwopozisyon ki genyen konnya pou realimante Seven Mile Beach nan zile Kayiman kmanse konkretize. Pwojè a 21 milyon dola sa ta dwe demare ak yon vèsman yon milyon dola an 2022. Answit rès 20 milyon an ap bay nan 2023. 

Apwouve pa ministè anviwὸnman, pwojè sa ap pèmèt plaj yo restore ansanm ak touris e mendèv yo tou. 12.000 mèt kib sab pral depoze nan imedya. Efὸ sa pral bay yon plaj de 50 pye kare a mi mare e 15 pye sèk pandan tout jounen an. Men plan a lon tèm nan genyen ladan l deplasman enfrastrikti kritik plaj aktiv yo. 

 Pou wè plan aksyon sila, yo sigjere tout sitwayen yo, ekolojis ak vakansye jwenn vwa yo pou kontakte ministè Touris, ajans anviwὸnmantal ak politisyen lokal yo pou kontinye soutni restorasyon masiv la. 

SOUS: YouTube, Cayman Compass, Dredgewire.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.