Souple tann...

Nouvo Robert De Niro a Nobu Barbuda se yon frape

18 jen

Foto: Koutwazi @casgardeb  

Nouvo Robert De Niro a Nobu Barbuda se yon frape

Depi nan mwa desanm 2020, Nobu Barbuda, ki se yon restoran moun konnen anpil, etabli kò l nan peyi Barbuda (caribjournal.com). Bèl restoran sa te arive fonde pa aktè, De Niro ak gwo chèf selèb japonè e ki se yon rèstoratè ki rele Nobu Matsuhis ak Drew Nieporent avèk Mei Teper ki se yon envestisè. Chèn restoran sa yo, vin rekonèt anpil sitou pou melanj manje tradisyonèl japonè ak engredyan ki soti peyi Pewou. Yonn nan manje ki plis fè pale de li semori nwa avèk miso “Morue noire au Miso”. 

Dènye restoran Nobu an sitiye sou plaj Princess Diana nan ansyen lokal K Club. Restoran sa fè pale anpil de li, kote anpil moun renmen’l, e anpil vizitè ki soti Antigua ak plizyè lòt kote vin manje nan bèl kote sa swa nan bato oubyen nan elikoptè (barbudaful.net).  

Nobu Barbuda ouvè kounyea sèlman pou dejene avèk menm bon ti manje k ap mete dlo nan bouch ou. Daprè Caribbean Journal, “meni an se Nobu klasik- sushis ki soti bon kote, bèl ak bon manje tankou mori nwa avèk miso, e menm genyen yon seleksyon de Wagyu. E pou kounyea restoran an ouvè soti mèkredi pou dimanch a pati de midi. (caribjournal.com).  

E genyen pi bon bagay kap vini. Depi tout bagay ta byen pase, a pati de 2023, De Niro ap fini travay li avèk restoran Nobu an avèk louvèti Nobu Beach Inn. Li panse ke espas sa a se yon kote ki genyen yon atmosfè trankil, e li pwopoze konstriksyon gwo bèl kay avèk pisin prive ki louvri dirèkteman sou lanmè. 

Bèl kay prive pwal konstwi tout a kote propriyete a. (towndandcountrymag.com). Daprè De Niro, “mwen te deja konnen si pou mwen konstwi yon bagay konsa, fòk mwen ta trouve yon bon kote” (townandcountrymag.com). 

De Niro vle pou espas sa se yon kote pou moun vini chak ane, li pap yon kote ki twò fòmèl men se yon kote tout moun ta renmen vizite, e y ap fè efò pou yo vini (townandcountrymag.com). 

Jiskaprezan, restoran Nobu se yon kote moun ka fè yon ti chape vini pwofite e admire bote san parèy ti zile sa. 

Sous: 

caribjournal.com 

townandcountrymag.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.