Souple tann...

Royal Caribbean ap vanse byen vit

27 nov

Royal Caribbean ap vanse byen vit

Alòske ti kanpe  Royal Caribbean International ki se gwo konpayi mondyal te fè sou aktivite li yo pwolonje pou rive jis 31 desanm 2020, lakòz pandemi COVID-19, konpayi kwazyè a ki toujou ap vini ak nouvo bagay deja ap gade lavni ak anpil lespwa.

Dapre yon tweet Royal Caribbean nan dat 30 oktòb 2020, anons CDC te fè kote li tap modifye "No Sail Order", ki an vigè depi 14 mas 2020, jis pou repwann toupiti operasyon pasajè bato kwazyè yo "  etabli  yon mwayen pou remete bato yo an sèvis (twitter.com). Royal Caribbean te ajoute: « Byen ke nou prese anpil pou n resevwa envite nou yo abò, nou gen anpil travay pou nou fè avan sa, e nou pwan angajman pou n byen fè bagay yo. Sa gen ladan l fòmasyon ekipaj nou an. Nan nouvo pwotokòl sante ak sekirite pandan n ap eseye fè kèk kwazyè pou tèste pwotokòl yo nan kondisyon reyèl. "(twitter.com).

Alòske Royal Caribbean ap prepare pou eseye premye kwazyè a dapre direktiv CDC, konpayi kwazyè a kreye yon paj facebook ki rele «Volunteers of the Seas». Gwoup la deja genyen 50 200 manb ak plis pase 100 000 envite benevòl ki enskri pou patisipe nan kwazyè y ape seye yo (thecaribbeannewsnow.com).

Royal Caribbean te bay lòt plan tou.  Le 18 novanm 2020, kwazyè pandan lete  2022 Royal Caribbean  nan karayib yo te louvri pou vann pou yon itinerè senk nwit oubyen pi plis (royalcaribbeanpresscenter.com). Konpayi kwazyè a pwal anonse rès deplwaman li nan karayib la pandan lete 2022 nan kòmansman lane pwochèn.

Karayib la jwe yon gwo wòl, itinerè kwazyè pasyonan Royal Caribbean pou 2022 genyen de fwa kantite travèse ale nan karayib oryantal yo, sejou pandan sware nan Potoriko ak vizit nan Sen Toma, Sent Kwa, Sen Kit ak Nevis, nan Jamayik, Aruba,Kiraso, Repiblik Dominikèn, Aruba ak Bonaire. Tout travèse sa yo ap fè yon kanpe tou  Perfect Day nan CocoCay, destinasyon prive kif è kè bat fò ke Royal Caribbean genyen nan  Bahamas.

 

Sous:
royalcaribbeanpresscenter.com
thecaribbeannewsnow.com
twitter.com


Kontakte nou pou rezève yon lokasyon vakans