Souple tann...

Royal Caribbean Pral Lanse Pi Gran Navi nan Mond

22 fev

Foto: Koutwazi @joseiphotostudio 

Royal Caribbean Pral Lanse Pi Gran Navi nan Mond 

Royal Caribbean pral lanse pi gran navi nan mond lan, Wonder of the Seas, pral lanse pou premye fwa le 4 mas 2022. Navi rekὸ sa pral soti Fort Lauderdale, FL, e vizite Karayib oryantal ak oksidantal sou yon kwazyè 7 nwit, li pral kanpe nan Nassau, Roatan ak San Juan. L ap vizite tou destinasyon prive tankou Perfect Day nan CocoCay. Nan mwa me, bato a pral kὸmanse toune estival an Ewὸp, soti Baselὸn pase a Wὸm pou eksplore la Mediterane. Nan novanm, Wonder of the Seas ap tounen nan Florid e soti nan  Cap Canaveral pou anbake pou yon dezyèm toune nan Karayib la. 

Wonder of the Seas ka akeyi jiska 6 988 envite, 2 300 manb ekipaj, e li genyen 18 pon ak 2 867 kabin ab (traveloffpath.com). Anpil moun dekri l tankou ‘’ nouvèl mèvèy di mond ’’ (royalcaribbean.com), Wonder of the Seas se yon lt nivo an matyè plezi, anvanti ak liks. Sa ki fèl fè pati de klas Oasis prime de Royal Caribbean, Wonder of the Seas genyen 8 katye distenk, chak genyen pwp komodite ak opsyon divètisman pa yo. Nouvo katye suit nan bato sa inik e se moun ki rete la sèlman ki gen aksè. Isit la, kliyan ka degiste kktèl nan premye ba konpayi an. Kliyan ki nan katye suit la ka detann yo nan pisin , salon ak yon restoran prive (businessinsider.com). 

AquaTheater prezan tou sou bato a, ap genyen bonjan divètisman ki ofri yon vi enprenab sou oseyan ak yon twal de fon spektakilè (businessinsider.com). Wonder of the Seas pwopoze tou yon teras pisin ki baze sou tèm Karayib la, ak plis fason pou pwofite de lonbraj  (royalcaribbean.com). Nouvo Wonder Playscape ap parèt tou sou Wonder of the Seas, " yon mond soumaren chaje tobogan, mi eskalad ak jwèt , kote imiginasyon lib" (royalcaribbean.com). 

Favori ki pare pou tounen an se The Ultimate Abyss, pi gwo tobogan lanmè; FlowRider, ak yon sikmilatè sèrf ; e Central Park, karye ki chaje bon plant, (cruisefever.com). "Nouvo bato a envite avantirye tout laj yo pou reyenvante, eksplore e kreye souvni yo (cruisefever.net). 

Sous: 

 

businessinsider.com 

cruisefever.net 

royalcaribbean.com 

traveloffpath.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.