Souple tann...

Lanmou Sabrina Devlope pou Kwochè Tounen Fason l fè Kòb li nan Peyi Grenad.

25 out

Lanmou Sabrina Devlope pou Kwochè Tounen Fason l Kòb li nan Peyi Grenad. 

Sabrina Phillips gen 27 ane sou tèt li, orijin grenadyen, te reyalize li gen yon talan pou kwochè lòske moun ki otou li t ap kòmante chwa mòd li yo. Yo pa t konnen si se Sabrina ki te konn kwochte rad li yo. Dekouvèt pasyonan sa ta pra ltransfòme lanmou Sabrina pou kwochè an lajan.  

Kontinye li pou w dekouvri kòman Sabrina te demare antrepriz li sou kwochè. 

Desen ak Kwochè Sabrina yo. 

Konsepsyon kwochè Sabrina yo se pantalon, wòb, sak, chapo, bando ak anpi llòt bagay ankò ! 

Sabrina Phillips di antrepriz kwochè li an inik nan fason li. Li fabrike kèk atik ki espesyalman fèt pou kliyan li yo ak pou yo adapte yo pa fètman.  

Kilè ak Kòman Antrepriz Sabrina a te kòmanse ? 

Sabrina Phillips te kòmanse vwayaj li nan kwochè nan ane 2018, lè l te sispann travay nan pòs li kòm moun ki reprezante sèvis kliyantèl. Pandan l t ap reflechi sou ki travay li pral fè kounya, li te kòmanse kwochte jis kòm pastan. Pou bon plezi l t ap atireatansyon sou konpetans ak talan inik li. Se konsa pastanl vin tounen travay li. 

Kèk Mo Ankourajan Sabrina te Pwononse. 

Tout moun te ankouraje m jwenn yon lòt travay epi kwochè nan yon tan pasyèl. Sa m te fe se te kontrè a. Nan estad sa m pa t anvi al travay pou moun ankò. M di m gen yon talan ; kite m itilize l. Mwen  te kòmanse maksimize lavant mwen ak maj benefis mwen. 

Mwen fè anpil rechèch sou fason m ka fè kwochè pou yon antrepriz paske m pa t konnen kòman m ka jere yon antrepriz tout tan poukò m. Mwen te kòmanse ekonomize lajan gras antrepriz la epi re envesti lajan sa. Tout travay mwen t ap fè san relach yo pote fwi. Mwen rive viv nan fè kwochè tout jounen. M te vle pran kwochè a pi serye ak fè travay mwen yon fason ki pi pwofesyonèl. Mwen kreye yon logo epi m kòmanse komèsyalize chak jou pi plis travay mwen sou platfòm rezo sosyal mwen yo. Se konsa mwen rive touche plis moun. 

Lanmou pou Viv. 

Sabrina pa sèl kreyatè nan zile Karayib yo.  Gen anpil lòt moun ti nan rejyon an, soti nan mizisyen pou rive nan syantifik ak plis ankò 

Se vrèman yon rejyon ki rich nan enspirasyon ak inovasyon, lemond kontan paske yo pataje benediksyon yo ak kèk nan nou. 

Bòn chans pou wou Sabrina 

SOUS: caribbean.loopnews.com, www.facebook.com, www.linkedin.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.