Souple tann...

Enstalasyon si pano solè pou zile Karayib la.

31 des

Enstalasyon si pano solè pou zile Karayib la. 

GSI asosye l pou ogmante teknoloji vèt ak plis ankὸ. 

Ak yon enterè kwasan pou konsèp pwodiksyon enèji solè a, inisyativ vèt pou karayib la ogmante anpil. Konnya, gen yon ekip ki pare pou fὸme rezidan ak kliyan komèsyal yo nan enstalasyon pano solè an tout sekirite. Se yon bon nouvèl pou zile yo ak planèt la. 

Green Solutions International se yon sosyete enèji nan Karayib la ki ofri yon fὸmasyon fotovὸltayik. Dr Wayne E. Archibald se direktè egzekitif GSI, e objektif li se sansiblize ak fὸme moun nan zafè enèji solè nan rejyon Karayib la.  GSI se yon « sant entènasyonal aprantisaj, rezotaj e inovasyon a travè Karayib la, nan tout domèn teknoloji vèt ». 

Nan yon kominike, Archibald eksplike: « GSI vize sèvi referans ak plak tounant pou konesans, inovasyon e mete an rezo sou enèji pwὸp nan tout rejyon an, pou ede konble fose ki genyen ant aktè nan sektè enèji renouvlab». 

Enstalasyon pano solè ap kontribye nan ranfὸse krediblite pou ogmante konfyans konsomatè nan antrepriz ak peyi nan Karayib la. Pa konsekan, yon fὸmasyon ak sètifikasyon apwopriye esansyèl pou pouse mouvman sa vè yon vi pi vèt posib. E se egzakteman sa GSI anvizaje fè. 

Kὸdonatris pwogram Inite Enèji Dirab nan komisyon OECS la, Judith Ephraim, di li trè satisfè de evolisyon vè enèji dirab ansanm ak kolaborasyon l ak GSI e Dr Archibald. Nan deklarasyon l, Ephraim bat bwavo pou jefὸ pwogram nan, menm jan ak Leighton Waterman, ki se spesyalis nan enèji dirab nan Bank devlὸpman Karayib la. 

Fὸmasyon pratik e devlὸpman mendèv pral ranfὸse mendèv nan Karayib la e ankouraje reprezantasyon angajman travayè yo ki toujou pa reprezante. 

Plis anplwa, yon enèji solè asire se yon efè pozitif pou devlὸpman zile Karayib la ki toujou kὸmanse ak inisyativ ak fὸmasyon. Epi ak kolaborasyon ekip karayibeyen sa yo ki sousye de latè, travay la déjà yon siksè, yon pano solè alafwa. 

SOUS: Jamaica.loopnews.com, greensolutionsskn.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.