Souple tann...

Fèt Wonm 2022 nan Sen Barth

26 avr

 

Fèt Wonm 2022 nan Sen Barth 

Sou zile ki gen plis kè kontan nan Karayib la, abitan Sen Barth kontan anpil pou anonse dat fèt Wonm 2022 ! se yon fèt wonm nan rejyon an, evènman sa ap fèt soti madi premye novanm rive dimanch 6 novanm 2022. Festival la ap kὸmanse a 17è nan madi pou l fini nan dimanch a 18è. 

Aprè de lane kote festival la te repὸte, zile yo nan Karayib la pare pou pataje ospitalite, lanmè, briz frèch ak lanmou yo pou festival! 

A Pwopo Fèt Wonm nan 

Nan chak festival, jij yo nan Karayib la ak lemond antye reyini pou jije meyè seleksyon wonm yo nan Karayib la pandan yon degistasyon alavèg. Nan Gustavia, ki se kapital Sen-Barth, yo mete aksan sou  Caribbean Rum Awards, Rhum Room de Christopher Davis. W ap jwenn pi gran seleksyon wonm sou latè. 

"Ane sa Caribbean Rum Awards St Barth pral pi gran e pi bon ke jamè, se sa  Alexander Britell, ki se redaktè an chèf e editè jounal ak kofondatè evènman an deklare. "St Barth se yon zile majik, e se pi bon rezon pou selebrasyon wonm atizanal ak iltra premym nou yo." - Journal des Caraïbes. 

Me kèk evènman nou ka atann: 

  • Kὸktèl VIP ak wonm
  • Akὸ Wonm ak Siga Davidoff
  • Yon konkou kktèl ak wonm nan tout zile a
  • Klas mèt
  • WIMCO Rum Expo ak degistasyon
  • Ak plis ank.

Festival ane sa gen lonè pou l jwenn anpil gwo enstitisyon patwone l tankou Tradewind Aviation, WIMCO Villas, Quarter Kitchen and Cocktail Lab, ak The Moorings and Le Barthelemy Hotel ak Spa. 

Als, menm si w se yon gran konesè wonm ou si w ap chechè yon senp eksperyans gastwonomik amizan nan Karayib la, Festival wonm 2022 nan Sen Barth ap fè w plezi anpil.  

SOUS: Caribbean events.com, Eventbrite.com, Caribbeanjournal.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.