Souple tann...

Konkou afich, esè ak pwezi sou lapè ak lanmou nan Sainte-Lucie (Sent Lisi)

31 mas

Fotokoutwazi monkeybusiness 

Konkou afich, esè ak pwezi sou lapè ak lanmou nan Sainte-Lucie (Sent Lisi)

Pandemi COVID-19 lpwovoke yon ralatisman mondyalLekὸl ak anplwa yo ki fèmenspὸ spektak ak rasanbleman sosyomezi distansyasyon sosyal ki anplas, lakoz nou menm ki se moun k ap viv nan sosyete te kontrenn pou le meyè ou pou le pir a kèk sitiyasyon solitid. Si l fasil pou konsantre sou kote le pir bagay yo, li esansyèl pou pwofite de soti nou paka soti a pou n reflechi sou le meyè a. 

Òganizasyon ki pa p travay pou  lajan ki jwenn li nan Wayὸm-Ini Friends of Saint Lucia International (Zanmi Sent Lisi entènasyonalegzakteman kreye yon opὸtinite pou  sa. Aentwodiksyon premye konkou esè ak pwezi sou lapè ak lanmoujèn yo nan Sent Lisi soti nan laj 12 rive nan 14 lane ankouraje pou vin kontanple eksperyans lavi yo, sou kiltiak tradisyon ki gen rapὸ a tèm “ Ogmante konfyans kiltirèl nou pandan COVID-19 (FEMININ)."  

Selon Friends of Sainte Lucia International, (Zanmi Sent Lisi entènasyonal) << konkou sa kreye tankou yon mwayen efikas pou enplike jèn nou yo nan yon epὸk kote pwoblèm sante mantal ap ogmante, a koz pandemi COVID-19. Epi an menm tan, rekonpanse kreyativite yo pa ekspresyon lapè ak lanmou nan tèm nan" (friendsofstlucia.org). 

Toutravay yo dwe reflete tèm nanli dwe original, li pa dwe pibliye deja oubyen resevwa pri nan koukou ki pase deja yoYo pral jije afich yo dapre orijinalite yo, merit atistik ak ekspresyon tèm nan. 

Tout afich yo dwe soumèt nan fason nimerik, yon sèl imajZèv atis la dwe bidimasyonèl e ka itilize divès medyὸm atistik; li gen tou fizenkreyonkreyon ak pentidesen, band desine ak kolaj foto. 

Esè yo dwe soumèt an anglè epi genyen 700 mo plizoumwen 10 pousanYo dwe ekri ak lank nwadoub entèliy epi tip polis la se Times New Roman oubyen yon lὸt ki sanble ak li. 

Pwezi oral se yon ekriti kreyativ ki eksprime pi byen pa pèfὸmans. Sa ka yon istwa, yon pwezi oubyen yon konbinezon. Kὸmansman an dwe anrejistre sou fὸma videyo epi dire ant 120 e 180 segond. Patisipan dwe chwazi yon kategorianglè ou kreyὸl 

Pri 

1e plas 1000,00 EC  

2e plas 500,00 $ EC 

3e plas 250,00 $ EC 

Twa distenksyon 100,00 EC $ chak  

Dat limit pou tout soumisyon yo se vandredi 22 oktὸb 2021.  

Sous: 

friendsofstlucia.org 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.