Souple tann...

Sen Toma ap pare pou akeyi premye Downtown Waterfront li

24 des

 FotoKoutwazi wollwerth 

Sen Toma ap pare pou akeyi premye  Downtown Waterfront li  

Wout fron de mè ki antoure sant vil santenè Charlotte Amalie nan Sen Toma nan Zile vyèj amerikèn yo, se yonn nan wout ki pi atreyan nan Karayib la (caribjournal.com). Yon kote, ou ka wè kè istorik Charlotte Amalie, ankre nan boutik Main Street yo (caribjournal.com). Yon lòt kote, ou ka admire bèl vi sou kolin vèdwayant yo nan zile Hassel e zile Water (caribjournal.com). E konnya, gras a yon nouvo pwojè revitalizasyon majè, Charlotte Amalie ap refèt e byen plase pou pou vin tounen sa nou ta ka rele pwochen gran sant vil fron de mè nan Karayib la(caribjournal.com). 

Amelyorasyon yo kòmnase ak ri prensipal istorik la. Gouvènman depanse anviwon 16 milyon dola pou refè lari a ak pave Euro Cobble epi elaji twotwa yo, ajoute wòch ble poze ak men pou anbeli rejyon an plis (viconsortium.com). Renovasyon yo genyen tou nouvèl sinyalizasyon nan ri yo, ranplasman kondwi dlo yo ak egou , ansanm ak nouvo rezo tele ominikasyon ak elektrisite souteren (caribjournal.com). Yo selebre inogirasyon pwojè ri Main nan le 27 me 2021. 

Aktyèlman, depatman travo piblik USVI a nan mitan yon faz ki prèske gen 4 lane e ki koute 46 milyon dola (caribjournal.com). Chanjman yo ap genyen : refont yon ka nan wout ki lonje wout bò dlo a ansanm ak ajoute lòt wout pou sikilasyon, yon nouvèl dig, yon medyàn peyizaje, drenaj plivyal amelyore e pi patikilyèman konstriksyon yon lòt pwomnad bò dlo a, ale de 5 a 25 pye nan kèk andwa(caribjournal.com). 

 Apre sa dezyèm faz pwojè a pral kòmanse, pi anbisye ankò. Faz 2 a ap etann pwojè a otou lejislati USVI a, l ap ajoute yon lòt pyès dlo e fè kè istorik King's Landing pyès metrès li(caribjournal.com). Pral genyen tou yon pwomnad pi long, ale jiska 70 pye nan kèk andwa, e plis responsablite restorasyon en plenè anfas fron lanmè a. Tankou Derek A. Gabriel ki se komisè depatman travo piblik USVI eksplike « pi gran objektif la se kreye plis espas eksteryè e rann zòn nan pi atreyant lè w ap gade. Dezyèm faz sa, k ap ale jis a 100 millyon dola,  espere parèt nan premye trimès ane prochen" (caribjournal.com). 

Sous: 

caribjournal.com 

viconsortium.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.