Souple tann...

Yon Etidyan Sen-Vensan ak Grenadin Diplome nan Harvard

14 jiy

 

Foto: Koutwazi twenty20photos 

Yon Etidyan Sen-Vensan ak Grenadin Diplome nan Harvard  

Gerard Porter, 22 lane, ki soti nan Senvensan ak Grenadin te non sèlman pran diplòm Summa Cum Laude nan Inivèsite Harvard, sa ki vle di ak pi gran onè, ment ou li te resevwa pri Sophia Freund, ke yo konn bay pi wo grade yo nan  Harvard. Anplis de sa, Porter te entwonize nan  Phi Beta Kappa, ki se sosye onè akademik ki pi ansyen nan Etazini. 

Porter te pase nan lekòl primè Sen Vensan Grammar School, apre sa Sen Vensan  Community College. Selon Porter, byenke li pa t prevwa pou ale Harvard e li pa t konnen anyen de lekòl sa  apa de prestij li ak kèk ansyen etidyan selèb, prensipal rezon ki te pouse l se ankourajman direktè pwogram etidyan pou inovasyon nan syans ak enjennri (SPISE), kise yon pwogram ke  Caribbean Science Foundation (CSF) òganize chak ete pou etidyan karibeyen soti nan laj 16 rive 17 lane ki enterese a STEM » (caribbean.loopnews.com). 

Alòske se matematik ak literati anglèz ki te enterese Porter lè li te nan lekòl segondè,  li te vin tonbe pou lasyans, an patikilye chimie se matyè sa li pouswiv nan Harvard. Tankou Porter esplike sa, " Mwen gen bon jan enterè anakademik, an patikilye pou lasyans, men mwen te limite opsyon mwen yo nan matematik aplike oubyen chimi. Ala fen se enterè mwen te genyen pou fè dekouvèt fondamantal ki taka aplike nan devlòpman nouvo medikaman ki anpòte batay la. Deplis, mwen te renmen karaktè santral chimi genyen ; nou prèske ka abòde tout syans yo sou yon pwendevi chimik, sa ki pèmèt mwen devlope plis enterè pou syans yo, menm si mwen spesyalize m nan yon domèn" (caribbean.loopnews.com). 

Porter kwè anpil nan mentora ki se engredyan esansyèl pou siksè. Nan Harvard, Porter te mande konsèy a etidyan ki pi gran ansanm ak kèk konseye. Konsèy moun sa yo te ede l oryante tèt li vè sa ki te enpòtan pou li e pèmèt li tire bon avantaj de tout resous Harvard genyen. 

Sous:  

caribbean.loopnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.