Souple tann...

Pwodiskyon Manje ak Bèt Paralize nan Sen Vensan ak Grenadin : la Grenad pral pran Larelèv

11 jen

FotoKoutwazi stevanovicigor 

Pwodiskyon Manje ak Bèt Paralize nan Sen Vensan ak Grenadin : la Grenad pral pran Larelèv  

Depi lè fin gen eripsyon vὸlkanik la soufriyè  (Soufrière), ki la depi 9 avril 2021, anpil sann kouvri Sen Vensan ak Grenadin epi yon likid piroklastik detwi tè agrikὸl yo nan nὸ ak nὸdès Sen Vensan (loopcayman.com). 

Ak rekὸt ak tè yo ki rine, bèt yo ki mouri epi sila yo ki rete yo pa ka jwenn manje paske sann kouvri tout zèb yo, Sen vensan ak Grenadin vin paka pwodwi manje ankὸ pou pwὸp tèt li ak pou voye vann nan rejyon an, patikilyèman nan Trinité-et-Tobago, Grenade, Sent Lisi ak  Barbade (loopcayman.com). 

 La Grenad, yonn nan vwazen Sen Vensan ak Grenadin gran enpὸtatè prevwa  konble vid la. Selon Minis agrikilti, tè ak forè yo nan la Grenad, Peter David, << prensipal plant ki touche yo se plant a rasin yo. Sen Vensan ak Grenadin se yonn nan prensipal founisè plant rasin. Kokoye ki soti Sen Vensan vle di anpil bagay pou la Grenad. Pa sèlman la Grenad enpὸte yon bon kantite bèf ,mouton ak kochon nan Sen Vensan. Pandan Sen Vensan soti nan mache a, sa pral genyen gwo enpak sou la Grenad "(loopcayman.com). 

Pou yo jwenn manje pou peyi yo ak pou founi Sen Vensan ak Grenadin ansanm ak lὸt peyi vwazen yo, gouvènman ape de agrikiltè yo entansifye prodiksyon yo. La Grenad toua p chèche idantifye tè ki pou leta epi ki pap travay pou moman an. 

Se pa premye fwa ke La Grenad se yon gwo founisè nan pwodwi vital sa yo. tankou David sonje sa anpil tan  pase, la Grenad ekspὸte chak ane anpil anpil pwodwi lakay Trinite e Tobago (loopcayman.com).  

An plis, Grenad ap rete plis nan koze elvaj.  Grenad konsantre l sou elvaj. Dapre David, Lagrenad genyen bonjan kondisyon pou vach, chèv, mouton, kochon. Etant done ke Sen Vensan pa gen manje pou bet yo, la Grenad prevwa  achete bèt Sen vensan yo epi konstwi yon endistri elvaj bou bèt. 

 Pou fini, objectif La Grenad se vin yon bon sous pwodwi ak elvaj, reponn a bezwen li yo, pa Sen Vensan ak Grenadin ak lὸt peyi nan rejyon an 

Sous: 

loopcayman.com 

mercurynews.com 

thecaribbeannow.com 

 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.