Souple tann...

Fondasyon Sandals ap kontinye inisyativ li pou jounen latè pandan y ap plante plis pyebwa.

08 jen

Fondasyon Sandals ap kontinye inisyativ li pou jounen latè pandan y ap plante plis pyebwa.  

Ogmante inisyativ kite lanse nan lane 2016 pou plante pyebwa nan jounen latè, Fondasyon  filantropik  Sandals pran yon nouvo angajman ak kolaborasyon lὸt gwoup tankou  Trees That Feed Foundation, Clinton  Global Initiative, Caribbean Philanthropic Alliance  pou kowòdone projè. Plan an se plante yon milyon pyebwa sou 14 zile nan Karayib la. Objektif sa dwe fini jen 2022. 

Tankou Heidi Clarke deklare, direktris jeneral Fondasyon Sandals 

"Jamè avan pat gen anpil enptans pou te reenvesti nan dirabilite anviwὸnman Prodwi touristik nou antanke rejyon e mwayen sibsistans tout abitan Karayib yo entiman lye a sante anviwὸnman an. Se devwa nou pou nou ranfὸse ekosistèm nan. Ak alyans filantropik Karayib yo, yo nan nesesite pou ranfὸse objektif devlὸpman dirab avan 2030 ’’ 

Poukisa plante pyebwa? 

Apa de Lombraj ke li bay, plante pyebwa bon pou plizyè lὸt bagay  

  • Koperasyon an amelyore entèraksyon ant touris e komès lokal  
  • Li fè ekonomi an fè pwofi nan ogmante aktivite nan plizyè  domèn . 
  • Plis pyebwa amelyore tè a, li fasilite konsèvasyon dlo, e pyebwa yo kembe kabòn, regilarize tamperati yo. 
  • Aksyon yo kontinye amelyore  kondisyon  vi popilasyon karibeyen yo ki nan bezwen .  

Fason pou kontribiye  

Moun ki swete patisipe nou ankouraje yo vin vizite www.sandalsfoundation.org pou gen posibilite fè don. Anplis zile yo ransable benovola, vizitè ak moun ki abite sou zile a. Relye tou de ap benefik pou anviwὸnman an. Estrikti sosyal e ekonomik. Vizitè yo ka patisipe nan pwojè a, e bay tan yo pou amelyore e kenbe bèlte ak sante zile yo. 

Fondasyon Sandals  

Antanke sosyete vilyajeti famiy karibeyen, Fondasyon filantropik jwe wòl enpòtan nan pwoteksyon zile yo. Yo genyen chans pou bay kòb nan twa domèn nan projè a : edikasyon anviwὸnman, patisipasyon kominotè e dirabilite anviwὸnman an. Sandals fyè pou pretann ke san pou san lajan ke yo resevwa  vèse nan pwogram sa yo pou zile ak kominote Karayib yo. 

Sous: Loopjamaica.com, apnews.com, sandalsfoundation.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.