Souple tann...

Sandals Fè Gwo Bri ak Efò pou Ekspansyon nan Karayib la

10 des

FotoKoutwazi Netfalls 

Sandals Fè Gwo Bri ak E pou Ekspansyon nan Karayib la 

Prezidan egzekitif Sandals Resorts International, Adam Stewart, se yon plajis sizyèm jenerasyon nan Karayib la ’’e se pitit fondatè Sandals, otelye lejandè Gordon"Butch" Stewart, ki te mouri nan janvye 2021. Kontrèman a anpil moun nan sektè touris la depi nan kòmansman pandemi an, Stewart pat janm dekouraje pa efè nefas ke COVID-19 te genyen sou touris (travelweekly.com). O kontrè, pandan pandemi an te pi wo, li menm ak papa l te deside ke Sandals pral devlope yon fason agresiv" (travelweekly.com). Tankou Stewart sonje peryòd ke li te lakay li nan moman apèl Zoom yo, "Nan biwo m lakay mwen, a dwat mwen, m ap gade yon jaden, a gòch mwen, m ap gade lanmè Karayib la. Syèl la pat janm konn klè konsa. Sab la pat janm blan konsa e dlo a pat janm ka pi ble. Konsa, depi nan kòmansman, òganizasyon nou an te pran desizyon politik ke sa tou pral pase, e tout sa nou pral fè chak jou se pou vwayaj reprann nan Karayib la." (travelweekly.com). 

Apre lanmò papa l, Stewart reyini frè ak sè l yo pou deside de direksyon pou antrepriz la pran. Selon Stewart, "Nou te ka vann antrepriz la, nou te ka pran yon poz e pa fè anyen, oubyen nou te ka double. Nou te deside mennen antrepriz sa sou lalin e double gwosè l pandan dis lane k ap vini yo" (travelweekly.com). 

Konnya, ak anpil efò konstriksyon ak renovasyon sa yo k ap fèt, Stewart mete an èv plan pa li yo ak sila yo ke papa l te genyen pou pote lòt nivo liks nan Karayib la. Ak twa pwojè nan Ocho Rios, nan Jamayik, yonn nan Kiraso, Sen Vensan ak Naso, Stewart demontre lafwa li genyen nan Karayib la antan ke destinasyon e lanmou li genyen pou zile yo tankou lakay li. Dapre pwòp mo Stewart, "Tout pwojè sa yo se yon ankourajman anvè papa m e yon temwanyaj de konfyans nou nan Karayib la. Mwen kwè ke antrepriz nou an dirije repriz touris nan Karayib la,e lavni pral briyan e fò " (travelweekly.com). 

Sous:  

travelweekly.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.