Souple tann...

Wout Kayak Sou Lanmè Karayib La.

24 jan

Wout Kayak Sou Lanmè Karayib La. 

Waitukubuli sea trail nan peyi Ladominik figire sou lis destinasyon ki pi koul nan nasyonal jeyografik pou ane 2024 la. Se vre, Ladominik te dekwoche yon plas pami trant pi bon peyi pou vizite nan ane 2024 la nan yon magazin. Jodi an nou pral pale sou wout kayak nan lanmè Karayib la. 

Itinerè sa pote non zile a nan lang pèp endijèn Kalinago e li konplete yon santye ki sou 115 "miles". Santye sa te kreye sa gen plis dis ane e li te rekonèt kòm pi itinerè ki pi long nan randone karayibeyen an. Santye sa te jwe yon wòl enpòtan nan fòmasyon repitasyon repiblik dominikèn antanke destinasyon ki santre sou lanati.  

Lis Koul Pou 2024 La. 

Lis koul pou 2024 la nan magazin nasyonal jeyografik repètorye pi bon andwa yo pou vizite an 2024 la. Pi bon chwa editoryal yo soti depi nan fón rijisan an pou ale nan lanmè ki pi kalm yo sou zile a. "Kit se ekselans kilinè, nouvèl pak nasyonal, inisyativ reyensovajman, mèvèy ansyen revizite oubyen moniman kiltirèl yo, nou te seleksyone kèk pami pi bon destinasyon vwayaj yo pou 12 mwa k ap vini la yo. Soti kanada, etazini ak ajantin nan syera leyòn, pase nan ostrali, sikim pou rive pi lwen mond nan prezante nan tout esplandè li", Pat Riddell, redaktè an chèf nasyonal jeyografik vwayaj la te deklare. " Lis koul 2024 la mete aksan tou sou wayom ini ak ewop, avèk preske mwatye ki ofri lektè nou yo yon aksè fasil ak kèk destinasyon ki pi atreyan nan mond la, tou pre lakay nou", Pat Riddell te ajoute. 

Santye Maritim Waitukubuli A. 

Santye maritim sa genyen 14 Etap, kèk vilaj pechè pitorès, kèk espòt plonje an apne atreyan, kèk falèz eskilte ak byen plis ankò. Santye sa ki estratejikman sitiye genyen kèk zè repo destine pou moun ki swete pase lannuit yo la. Pouvwari lokal yo pwopoze lokasyon kèk ekipman pou kayaris lanmè eksperimante yo e yo te òganize kèk avanti gide sou plizyè jou pou debitan yo. 

Ladominik ap pousuiv misyon li pou l vini premye nasyon rezilyan devan chanjman klimatik mondyal la. Li pral kontinye konstui kèk enfrastrikti dirab avèk èd kèk devlopè ki diy k ap travay nan yon kolaborasyon sere avèk gouvènman yo an depi ane 2015. 

SOUS: thecaribbeannewsnow.com, www.in4adventure.com, www.commonwealthunion.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.