Souple tann...

Eske Gouvènman yo nan Karayib la ta Dwe Enplike nan Kesyon Longè Cheve Moun ?

23 des

Eske Gouvènman yo nan Karayib la ta Dwe Enplike nan Kesyon Longè Cheve Moun ? 

Ou te byen tande sa. Antite gouvènmantal yo te pran kèk desizyon nan avantaj avèk desavantaj longè cheve ak kèk lòt bagay ankò. Men gran disparite ki egziste ant peyi yo plase kesyon sila nan premye plan. Kesyon an, eske gouvènman yo nan Karayib la ta dwe enplike yo nan kesyon longè cheve elèv ki nan sistèm eskolè piblik la ? 

Rastafaryen yo nan Karayib la pote cheve yo an mèch. Si desizyon ale pou pi devan, etidyan sa yo ap bezwen koupe djwed yo. Alò, kisa yon desizyon konsa vle di pou pèp rasta a ? 

Sa sa vle di yon Rastafaryen ? 

Nan yon tèm ki senp, rastafaris la se yon mouvman relijye ki soti nan peyi Jamayik. Byenke yo pa t janm genyen kredo ki ofisyèlman anrejistre, gen de bagay tout rasta mete yo dakò sou li. 

1) Retou nwa yo an Afrik 

2) Yon kòd kondwit ki espesifik. 

Kòd la, menm lè se pa yon deklarasyon dokimante, men li ase klè pou kominote ki twouve yo nan Karayib la ak nan anviwon Karayib la. 

Yo gen yon prensip- si w vle l pou moun ki fè pati kilti relijye sa. Sepandan manb yo pa pran l ak lejète. 

Konpòtman sa mande : 

-Pou w gen djwed 

-Pou w fimen kanabis 

-Pou w rejte medsin oksidantal la 

-Pou w pa bwè lèt, pa manje vyann kochon ak kristase.

Kesyon sou cheve a 

Li pa esansyèl pou w konnen nan ki oubyen nan kisa moun sa yo kwè pou w konnen yon bagay se yon verite. Pwoblèm nan la se paske gouvènman yo deside jere sistèm eskolè piblik yo, e rastafaray la se yon kwayans relijye. Kote tou de kwaze, e ki vin yon pwoblèm sou kesyon cheve a se nan Antigwa. 

Antigwa dènyeman redije yon politik sou kesyon cheve nan domèn eskolè ki di konsa "Tout kwafi yo dwe koupe, swanye e taye. E san manti, desizyon sa pa nan avantaj kominote Rasta a ak moun ki gen djwed zòn sa ap tolere depi kèk tan. Anplis, yo kalifye pwoblèm sa kòm yon diskriminasyon rasyal. 

Sèlman prensip yo 

Pandan tan sa, li se prensipal règ preyokipasyon, men kòman sa pral fè entèfère l ak pèp rastafaryen an ? 

Ministè edikasyon bay direktiv sa yo nan yon rapò ki pibliye nan jamaica.loopnews.com : 

1- Prensip yo pa dwe diskrimine elèv yo selon fason yo penyen, longè ak koulè natirèl cheve yo. 

2- Cheve yo dwe : 

  1. a) Pwòp, san yo pa gen ni vye sant, ni anyen ki kontajye nan yo.
  2. b) Genyen yon prezantasyon ki byen swanye e ki òdone.

3- Cheve yo pa dwe : 

  1. a) Prezante oken risk pou sante ak/ou ni pou mèt li oubyen pou lòt moun.
  2. b) Yon sijè distraksyon pou popilasyon eskolè a nan yon sans jeneral

Liy direksyon ki site nan Jamaica loop news 

Yon lòt kote... 

Sa genyen kèk mwa, Angiya te kòmanse retire restriksyon sa yo. Anfèt, yo pa pral penalize etidyan yo pou kesyon djwed, kònwow (cornrows) ak très. Nouvo kòd la nan Angiya otorize très avèk kèk prensip, san pwent ak san estyl ki jenan. Epi cheve yo dwe genyen yon sèl koulè. Byenke, sou zile Antigwa se pa konsa yo wè li. 

Eske w panse desizyon sa yo gen yon plas nan gouvènman an ? 

Eske w panse moun k ap dirije yo rive twò lwen oubyen yo jis ap eseye tou senpleman bay ansèyman sou swen pèsonèl ? 

SOUS: bbc.co.uk, Jamaica.loopnews.com, Caribbean.loopnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.