Souple tann...

Alg move lodè anvayi plaj yo nan Karayib la

03 des

FotoKoutwazi kopachinsky 

Alg move lodè anvayi plaj yo nan Karayib la 

Alg move lodè anvayi bèl blaj ki gen renome mondyal nan Karayib la, e yo fenk kare anvayi. Syantifik yo te sezi lè yon bann alg pi long ke tout litoral brezilyen te parèt nan lane 2011 nan Atlantik twopikal la- yon zòn ki pa gen kenn nitriman ki ta ka pwovoke yon devlòpman konsa (news.yahoo.com). Depi lè sa, alg, ke yo konnen tou sou non sagas, eksploze nan Karayib la ( ak nan Meksik). Syantifik yo di se dlo ke moun fin itilize, dlo ki soti nan wouze jaden ak chanjman klimatik ki lakoz sa rive (news.yahoo.com). Destriksyon forè amazoni ak pousyè ki soti nan lwès dezè Sahara nan Lafrik ka rèsponsab tou de alimantasyon gwo florezon alg bren fonse yo (news.yahoo.com). 

Selon Dr Eliza Rodriguez ki se yon moun k ap fè rechèch, « Nou genyen bon tanpèt la. Sagas yo rive. Te genyen nitriman, dlo a te cho e sa ede alg yo pwopaje, byomas la ka miltipliye nan 20 jou. Yo ka kontinye grandi, grandi e repwodwi. Se pousa nou genyen tout kantite sa » (news.yahoo.com). Lè plant yo rete a tè a, yo vin tou nwa e degaje yon lodè tou kanivo tèlman yo fò e yo konn lakoz touris yo malad (news.yahoo.com). Yo atire ensèk e lakoz bèl dlo ble tikwaz yo vin gen koulè bren ki ka bay maladi. 

Nan mwa jen 2018, syantifik yo anrejistre 20 milyon tòn metrik alg, yon ogmantasyon de 1000 pousan pa rapò a sa k te genyen an 2011 nan menm mwa a. Oseyanograf Ajit Subramaniam ki nan Inivèsite Columbia sispèk plizyè faktè ki ka lakoz kwasans la, li deklare :  ‘’Mwen t ap sipri si ta genyen yon vilen mechan’’ news.yahoo.com). Sepandan, yon etid resan egzamine chimi alg ane 1980 a 2019 bay bon jan prèv ke dlo ki soti nan vil ak nan gran fèm agrikòl yo kontribye anpil nan grandisman sagas nan gran Atlantik, ki etann li konnya sou 9 000 kilomèt. Etid la dekouvri ke alg yo genyen yon nivo azòt( ki jwenn yo nan dechè imen , animal ak angrè) ki an mwayèn 35 pousan pi wo ke echantiyon ke yo te prelve 3 deseni anvan. Rezilta yo te pibliye nan jounal Nature Communications. 

 

Sous: 

news.yahoo.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.