Souple tann...

Achte Mouton Nwa Lokal

18 out

Achte Mouton Nwa Lokal 

Poukisa zile yo nan Karayib la ap enpὸte mouton soti nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland ? Petèt se pake se konsa sa te toujou konn fèt ? Savle di, petèt ta dwe gen yon chanjman. Zafè pou fè mouton vant nwa yo vini an se pwopozisyon Premye minis Babad la, Mia Motley te fè nan mwa jen 2022. Li espere fè vini 1 000 mouton soti Giyàn nan yon mwa oubyen de apre l te fin pale nan mwa jen, Nou kontan pou n anonse ke li fè sa vre. 

Pwogram Mouton Vant Nwa ke prezidan Dr. Mohammed Irfaan Ali te anonse nan pwogram agrikl nan Giyàn. Nan 48 è depi lè yo fin kite Barbad, Giyàn ap resevwa mouton yo, yon lt kantite dwe rive nan mwa k ap vini yo. 

Enpak Pwogram nan 

Poukisa pwogram sa enpὸtan konsa ? Yon santèn agrikiltè déjà enskri pou patisipe nan kwasans agrikὸl la nan Giyàn . Efὸ sila la ka pouse nasyon sa o ran de Kapital Karayib la nan zafè pwodiksyon betay. Sa ki siyifi ke 48 milyon dola revni pa ane pou zile k ap patisipe yo. Sa n pa bliye ke sa ap kenbe anplwa ak lajan nan nivo lokal, sa k ap pwofite a tout rejyon nan zile Karayib yo. 

Anplis, minis Agrikilti a di: « Prezidan a mande pou 30 % fanm ak 20 % jèn dwe enplike nan pwojè a, se pa sèlman gason yo. » 

Fè jèn yo patisipe pa sèlman ap bayo revni, men tou gen yon avni pou jèn jenerasyon Giyàn ak lὸt kote yo. 

Pou fini, non sèlman enpὸtasyon an ap pwofite La Giyàn ak La Barbad ak bon jan revni, travay, fèm ak bèt lokal. Sa toua p amelyore jenerasyon fiti yo nan zile Karayib la epi fè lajan rete sikile nan zὸn nan. E se yon bon efὸ pou abitan zile yo, nenpὸt jan ou ta ka gade l. 

SOUS: dpi.gov.gy, radiojamaicanewsonline.com, Caribbean.loopnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.