Souple tann...

Kanaval Sen-Maten 2022

18 fev

Kanaval Sen-Maten 2022  

Li retounen! Kanaval Sen-Maten retounen apre poz pandemi an, e moun yo pa ta ka pi eksite. Dat ofisyèl ekstravagans yo se samdi 16 avril 2020 rive madi 3 me. Gade byen, kanaval Sen Maten se kote pou ale pou yon selebrasyon enèjik, kolore e vibrant nan Karayib la. Tande pale de Kanaval la se yonn, men viv ekxperyans lan se yon lt. 

18 Jou Kanaval  

Ki kote w ka fè fèt nan yon kanaval pandan 18 jou yonn dèyè lt ? Nan Sen-Maten, se yon tradisyon ki gen syèk. Abitan ak vizitè yo vini nan St. Maarten Carnival Village pou pase tan.

Selebrasyon sa se tankou yon melanj nouvèl an ak mizik steelpan, calypso, soca, defile kostime ak plis ankὸ.

Kanaval la, se avan tou rasanble moun yo. Se yon sebrasyon lavi ki repann lajwa nan tout rejyon an.

Kanaval nan Sen-Maten se evènman ki pi enpὸtan nan ane a.  

Nan kanaval la, ou pral temwen de kilti zile a travè defile, konkou dans, konsè, gwoup yo, plis dans, bwason, kostim ak plim. 

Nan Kanaval Sen-Maten 2022  

Pral genyen anviwon 80 stand pou fè shopping, manje e bwè nan kanaval ane sa. Petèt ou ka jwenn chans trouve jwèt, objè da, atizana, vètman ak anpil bagay ankò nan kyòs yo. 

Depi premye kanaval la nan lane 1970, ensilè yo bay tèt yo devwa pou yo pare ak kostime pou sezon èspesyal sila. Ane pase, pandemi an te gen rezon sou Kanaval la, men pa pou ane sa. Rejwenn sen-Maten pou selebrasyon epik mòd de vi karibeyen an.  

 

SOUS : Caribbeanevents.com, carnivalland.net  


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.