Souple tann...

St-Maten Resevwa Premye Kontenè pou resikle Rad

01 mas

St-Maten Resevwa Premye Kontenè pou resikle Rad 

Nan lide pou ede rejyon ki pi pv yo, Sen Maten aksèpte yon bak resiklaj pou rad. Pwopriyetè kontenè a se Fondation GBNM Nanny Nurssy (Enfimyè Monique nan SMMC). Epi reprezantan Neyèlandè nan Sen Maten, ki se Kooyman Megastore ak HaVen Audit, Accounting, and Consultancy te kolabore pou reyalize jès filantropik sa. 

  • Reprazantan neyèlandè nan Philipsburg te bay kontenè a.
  • HaVen te asire transpὸ kontenè a.
  • Kooyman te bay kote e pran responsablite pou peye frè soti Peyi Ba rive Sen Maten.

Me kisa Evencia Carty-Seabrookes ki se ofisye komèsyal nan Kooyman te deklare : 

"Depi nan kὸmansman, mwen te vle asire m ke Kooyman te enplike pou bagay sa reyalize. Kooyman kwè nan inisyativ ki vle redui povrete e ankouraje sa k’ dirab e kontenè sa fè tou de. Resikle rad ak soulye e mete a dispozisyon sila yo ki pa gen gwo fὸtin yon bon mwayen pou soutni fanmiy defavorize yo, pandan l ap ede anviwὸnman redui dechè. 

Dezὸmè, abitan nan Sen-Maten yo ka jwenn enfimyè Monique pou ede lὸt yo ak planèt la tou. 

A Pwopo de Enfimyè Monique 

Chamant enfimyè Monique ede moun ki pa gen kote pou rete, granmoun ki gen anpil laj, ak jenn manman selibatè. Li bay moun sa yo medikaman, kote pou yo benyen ak rad pou yo mete. 

Yonn nan travay ki pi di pou ede lt moun yo se kolekte rad ki bon pou yo. Se yon travay ki pran tan ala fwa pou moun k ap bay la e sit kote y ap bay la tou, e nan ka sa sit la vin tounen kay enfimyè Monique. Men ak kontenè sa, moun yo ka bay rad ki pa tw vye pou separe a sila yo ki nan bezwen. E li louvri 24è / 24 e 7j / 7 e li byen sitiye nan pakin Kooyman. 

Resous pou rezilyans kominotè te pataje mesaj sa sou paj Facebook yo : 

« Enfimyè Monique tèlman inik ! Nanny Nurssy, nou fyè anpil de sa w akonpli e fè pou kominote a jiska konnya; e gran bagay yo ki rete pou vini de wou ak ekip ou! 

SOUS : sxm-talks.com, smn-news.com, stmaartennews.org, r4cr.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.