Souple tann...

Rete Fre Pandan Chalè a Nan Karayib La

06 sep

Rete Fre Pandan Chalè a Nan Karayib La 

Pa gen manti nan sa, mwa ki fè plis cho nan Karayib la se mwa Jiyè, avèk kèk tanperati ki ale otou 80 degre epi soti 70 jiska 80 degre lannuit. Rete fre nan chalè Karayib la se youn nan bagay ki pi enpòtan w te ka fè pou sante w lòske w ap vwayaje pandan mwa ete yo. 

Karayib La Nan Mwa Jiyè. 

Menm jan presipitasyon yo ap ogmante pandan mwa ete yo, chalè a ogmante tou. Anplis, Jiyè konsidere kòm mwa ki fè pati sezon ouragan yo nan Karayib la.  

Si w vle di si w pare pou w riske pran kèk kout loray, w ap ka twouve yon bon afè pandan moman vwayaj ou yo, me kèk konsèy pou w konbat chalè pada ete a. 

  1.  Pou kòmanse, ou dwe bwè anpil dlo, yon minimòm 32 ons konsa chak jou pandan w sou zile a. 
  2.  Nan mezi w kapab, rete nan klimatizè ant 11 è ak 14 è. 
  3. Kounya, me yon bagay etranj ; manje kèk aliman ki epise ap ede w rafrechi paske sa ap ogmante sikilasyon sangen w, sa ki pral fè w transpire. Transpirasyon pèmèt ou rafrechi w. 
  4. Gade kote ki cho yo byen fre avèk yon sak glas oubyen yon vantilatè k ap vaporize yon brim fre. Zòn sa yo se cheviy ou, pwanyè w, koud ou, kou w, tanp ou ak dèyè jenou w. 
  5.  Manje kèk friyandiz ki frèt tankou kèk sisèt glase se yon ekselan mwayen pou w rete fre. Sa te fonksyone pou nou lè n te timoun, se menm bagay la tou pou moun ki granmoun yo. Sisèt glase avèk fwi ap toujou yon bon opsyon. 

Lòt Mwayen W Ka Itilize Pou W Rete Fre. 

Selon CDC, tout moun ta dwe pran mezi sa yo pou prevni kèk maladi, blesi ak lanmò ki vini akoz chalè a nan tan cho yo : 

  • Bwè anpil likid menm si w pa swaf. 
  • Planifye aktivite w yo anplennè pandan w ap pran an kont tanperati a. 
  • Mete rad ki leje, pwoteksyon solè e ki long. 
  • Pridan pandan moman aktivite w yo. 
  • Benyen avèk dlo fre pandan tanperati a fre pou w rafrechi w. 
  • Siveye zanmi w ak vwazen w yo epi mande yon moun pou veye w tou. 
  • Pa kite timoun ou oubyen animal domestik ou yo nan machin pou tèt yo. 
  • Konsilte mizajou sou nouvèl lokal yo sou sante ak sekirite 

SOUS : www.princegeorgescountymd.gov, www.urbancultivator.net, www.cozumeltourbase.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.