Souple tann...

Yo ankouraje pwodiksyon frèz

24 fev

Yo ankouraje pwodiksyon frèz

Frèz « Take the Cake » nan sid Trelawny

Minis agrikilti ak lapèch, Floyd Green,ap fè pwomosyon frèz kòm yonn nan 12 pwodwi yo ankouraje nan kap pwogram ankourajman pwodiksyon an(PIP).

M. Floyd Green konsantre li sou agrikiltè ki nan Trelawny yo ak benefis y ap gen pou resevwa. li afime ke divèsifikasyon kilti yo ka ede pou reyalize objektif sa. lide a se pran kilti yanm nan ki deja reyisi ranplase l pa kilti frèz. Gade byen zòn ki itilize pou pwodwi kilti frèz la, gen anpil chans pou kilti sa fè gwo siksè.

Nan moman an la, gen anviwon 41 agrikiltè ki deside rejwenn pwogram nan dapre PIP. dapre Grenn, yo fenk sot repare estasyon rechèch Top Mountain pou fè rechèch ki nesesè nan pwodiksyon frèz.

Nan peyi Etazini, kilti yo plis kiltive frèz nan zòn bò lanmè nan Kalifòni ak Florid. Sa vle di klima Karayib la ideyal pou frèz yo. Nan klima tanpere zile yo,yo ka rekòlte frèz yo nan  yon lane sa ap bay frèz pou tout zile ak tout endistri otelri ki se pi gwo achtè frèz nan zile a.

Anplis, gen anpil bon ti bagay nou ka fè ak frèz, ajoute anpil lòt opsyon pou abitan yo ak palèt pou touris yo. Bwason ki gen gou frèz, krèm, tat, jelato, krèm glase, shortcake elatriye... « pran gato a »

SOUS: JamaicaObserver.com  Jamaica-gleaner.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.