Souple tann...

Manje pandan Lete nan Karayib la

11 jiy

 

Manje pandan Lete nan Karayib la 

Se sezon griyad e genyen bon pla savoure ke w pa ta menm imajine pandan lete sa sou zile yo nan Karayib la. Soti nan gou babekyou kabonize rive nan babekyou ak bannan sikre, ou nan yon delis manje pandan vwayaj ou nan Karayib la pou sezon lete sa. 

Bwason Ete  

Yon bwason frèch glase se meyè mwayen pou kenbe tanperati a ba lè w ap fè griyad nan sezon lete sa. Me kèk resèt ke nou sigjere w eseye ane sa. 

  • Rum Punch- W, ji sitwon vèt, miskad, tout sa yo itilize pou kreye bwason anblematik sa nan Karayib la.
  • Kὸktèl vakans kapitèn – Yon kὸktèl ak wonm epise ak twa engredyan ak yon bwason gazez sitron lim ak bon ji anana !
  • Sangria twopikal- Gwayav, fwi delapasyon aka nana bay lavi a sangria twopikal sa!

Prensipal pla pandan lete 

Ki repa ki pral konplè san l pa genyen savè zile Karayib la ? Menm si se piman Jamayik , bannann ak lèt, diri ak legim. Epi tou laplipa chèf nan Karayib la renmen monte dife ! 

Nou prèske sèten ke w ap renmen kèlke swa antre ou chwazi pou griyad ou yo pandan lete a oubyen pandan sware ou yo ! Me kèk lide ke w pral familyarize w ak yo sou zile yo. 

  • Poulè Jerk - Poulè Jerk la prepare ak epis epi li kwit sou dife, li gou anpil !
  • Kotlèt kochon Jerk – Fè marinen pla prensipal sa epi fèl griye lè l pare. Nou pap desi de savè yo. 
  • Curry kabrit – Epis yo melanje ak bon ti vyann kabrit pou yon pla otantik jamayiken plen savè.
  • Ragou poul – Yo sèvil ak diri ak pwa, pla klasik sa gou anpil, chak bouche se yon regal.

Desè pandan lete  

Fini repa a ak yon desè delisye jan yo fè sa sou zile yo. Me kèk favori pou tante. Pran plezi ! 

  • Cornmeal Pone – Gato mwele fèt ak semoul mayi, rich ak sὸs ak nwa kokoye epi pou manje l ak kiyè- Eske n bezwen di plis ?
  • Pastelitos – Se patisri ak gwayav ak sik an poud!
  • Planten karamelize ak sik kokoye- Wi, nou itilize planten nan Karayib la ni pou repa ni pou desè.

SOUS: bonappetit.com, allrecipes.com, africanbites.com, insanelygoodrecipes.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.