Souple tann...

Naomi Osaka ki se yon lejand nan tenis lanse yon gam swen pou po tou nèf.

28 sep

FotoKoutwazi dazzlejam 

Naomi Osaka ki se yon lejand nan tenis lanse yon gam swen pou po tou nèf. 

Kwadrip chanpyon Grand Chelem nan senp e chanpyòn an tit US ak Open Australie Naomi Osaka lanse nouvèl gam pwodwi swen pou po KINLÒ le 7 sektanm 2021. Espesyalman fèt pou po fonse, KINLÒ te nan preparasyon depi 18 mwa. Liy swen pou po sa konsantre sou pwoteksyon e rekiperasyon po rich an melanin. 

Selon Osaka, « mwen konstate ke anpil lòt pwodwisou mache a pa ase tente pou po nwa, sa vle di anpil fwa yo kite rezidi blan, oubyen yo sèch anpil, oubyen tou de rive ansanm nan anpil ka. Mwen te vle kreye pwodwi ki ofri engredyan idratan bon jan kalite ak yon tent fonksyonèl ke w k apote chak jou ke seswa pou makiyaj ou po ni (totallyveganbuzz.com). 

Soti de yon apwòch rasyonalize e sible, KINLÒ pwopoze kat pwodwi nan moman sa : 

  • FPS—Pouitilizechak jou. Li reziste a dlo ak transpirasyon. Tente pou po pi fonse. 
  • Krèmidrantan pou je—Pwoteje kont premye siy vyeyisman. 
  • Brimdore idratan: apeze e rafrechi po a anba solèy. 
  • Bom alèvidratan—Lis e nouri lèv yo. 

Osaka fèt de yon manman japonèz ak yon papa ayisyen. Li te demenaje ale Etazini nan laj twa lane e li grandi nan yon fanmiy ayisyènNon mak KINLÒ a rann omaj a eritaj Osaka, paske « kin » e « lò » tou de vle di «  » an kreyòl ayisyen e japonè (elle.com). 

Anplis ke li bay yon swen de kalite a po melanik, Osaka vize antame yon konvèsasyon sou pwoteksyon po ak kansè po nan kominote nwa a (elle.com). Osaka eksplike : « Gras a  eksperyans pèsonèl e aprantisaj mwen yo, mwen dekouvri kominote nwa, brin ak po fonse souvan se yon refleksyon apre kou nan diskisyon ak rechèch sou swen solè, byen tou yo ekskli deetid klinik sou kansè po. Anplis, gen yon mank de pwodwi pwoteksyon solè ki fèt pou po melanik. Bagay sa yo fèm kreye KINLÒ, se premye misyon l" (elle.com). 

An patenarya ak sosyete ebèjman Web GoDaddy e sosyete holding A-frame, mak KINLÒ Osaka pwopoze prodwi aksesib de kalite a pri abòdab (15 $ à 20 $). 

 

Sous: 

 

elle.com 

forbes.com 

totallyveganbuzz.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.