Souple tann...

Grenad ranpòte pri Akademi Chokola

08 okt

Grenad ranpòte pri Akademi Chokola

Se Grenada Chocolate Company ki pran meday ajan ak bwonz pou bèl pèfòmans yo nan Academy of Chocolate Awards 2021. E siw pat konnen ke te genyen yon evènman konsa, konnya w konnen. 

Akademi Chokola egziste depi 2005, li prezante bay lemond meyè chokola ke mond lan genyen pou ofri. Me kèk kategori: 

  1. Bean to Bar
  2. Tree to Bar
  3. Flavoured,
  4. MilkAnd White Bars 
  5. FilledChocolates 
  6. Spreads
  7. AndPackging 

Ak plis pase 1600 kandidati ki soti nan 45 payi, la Grenad ranpòte 3 gran pri ki gen anpil valè. 

Nan kategori Tree to Bar, ba 100 % chokola nwa pran meday ajan epi ba 71% chokola nwa a ranpòte bwonz lan. E nan Tree to Bar Seasoned, ba chokola nwa 60% Nib-A-Licious pran meday ajan. 

Chokolatri nan Grenad 

Trètman ekitab, reminerasyon pou travayè ak dirablite, se bagay sa yo ki prewokipe Grenada Chocolate Company. Ak metòd agrikilti dirab, premye chokolatri zile a Tree to Bar se yon koperativ ak plis pase 200 ekta tè ak kakawo biyolojik.v antrepriz la tanmen nan lane 1999 ak fondatè l, Mott Grenn. M. Green te mouri nan lane 2013, men antrepriz la ap viv toujou e se Edmond Brown k ap dirije l. 

Non sèlman yo genyen na konpetisyon sa , men tou nan plizyè lòt, yo ranpòte 10 distenksyon  e yo pwojte pran plis ankò. Epi, dapre sous nou, akoz restriksyon ki te genyen pou COVID-19 la, yp te oblije jije separeman Tree to Bar e Bean to Bar ane sa, rès kategori yo ta dwe jije nan oktòb." 

Ou mèt kwè ke abitan la Grenad yo pwa l chèche plis rekonpans toujou pou rantre lakay yo nan oktòb la. Pandan tan sa, Felisitasyon pou siksè nou, Grenada Chocolate Company, kontinye bay chokola! 

SOUS: nowgrenada.com, thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.