Souple tann...

Ogmantasyon Zèb k ap Flote sou Dlo nan Karayib la ak Efè Endezirab yo Genyen

30 des

Ogmantasyon Zèb  k ap Flote sou Dlo nan Karayib la ak Efè Endezirab yo Genyen 

Anpil vakansye ak jounalis te note yon gran kantite rezen maren, yo rele yo sagas ki anvayi bò lanmè yo nan Karayib la. Soti Babad pou rive Potoriko e menm pi lwen pase sa, ogmantasyon zèb sa yo bay anpil pwoblèm sou zile yo.  

Pwoblèm sa yo se yon gwo preyokipasyon paske yo gen yon enpak negatif sou bèt yo ak touris. 

Depi mwa Me 2022, kantite a te kòmanse ap grandi bò lanmè yo e rive bare bote dlo yo epi touye plaj yo. Enpak sa li tou senpleman trajik. 

Efè ogmantasyon sagas yo. 

Lisa Krimsky, manb nan kò pwofesoral nan UF e chèchè nan Florida Sea Grant, te deklare pawòl sa : "Ane sa se te pi move ane nou pa janm anrejistre, li vrèman devastatè pou rejyon an". 

Alò, poukisa nou itilize mo trajik ak devastatè pou nou dekri yon sitiyasyon konsa ? Gade poukisa. 

1) Zèb sa yo degaje yon gaz ki toksik, ki genyen ladann silfididwojèn, ki pa bon pou moun ki asmatik oubyen ki genyen lòt pwoblèm respiratwa. 

2) Dekonpozisyon zèb yo deranje tanperati dlo yo. 

3) Li deranje tou ekilib frajil PH dlo a, ki toufe resif koralyen yo ak popilasyon eponj yo. 

4) Kominote pechè yo ap lite kont florezon zèb yo, k ap touye pwason yo epi deranje motè bato yo. 

Anplis, n ap enkyete n non sèlman pou pwason yo men tou pou popilasyon tòti a k ap disparèt. Ebyen, kisa zile yo fè pou yo rezoud pwoblèm sila ? 

Y ap chèche solisyon kont satirasyon sagas yo. 

Gouvènman plizyè nasyon ensilè ap etidye kèk mwayen kreyatif pou yo itilize zèb yo pou yo fè enkonvenyan sa vin yon avantaj pou yo nan kominote a. 

Yo kontinye ap teste anpil itilizasyon, tankou sila yo : 

-Itilizasyon famasetik 

-Angrè 

-Divès itilizasyon alimantè 

-Materyèl pou konstriksyon 

-Biyokabiran ki fèt avèk etanòl 

-Pwodwi ak papye 

-Kosmetik natirèl 

-Absòpsyon grès 

Pou fini, kèk brik ak sagas te rive fabrike pou konstwi kèk kay. Sepandan, salè ak machin yo toujou nesesè pou kontinye kolekte yo epi jere netwayaj la avèk anpil swen. Chèche kèk fason ki kreyatif pou itilize sirabondans zèb flotan yo se yon avantaj e se yon bon kòmansman. 

SOUS: NPR.org, villapalmacancun.com, Caribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.