Souple tann...

Konplèks Baha Mar nan Bahamas te dwe relouvri nèt.

02 mas


Cable Beach, Nassau, The Bahamas
Foto: koutwazi twenty20photos

Aprè yon reouvèti tikras pa tikras ki reyisi nan de otèl ( Grand Hyatt et SLS Baha Mar) ak yon pati restoran e ekipman kit e seleksyone pou sa , Baha Mar fini faz final la nan reouvèti twazyèm e denye otèl , Rosewood , nan 4 Mas 2021.

Baha Mar se yon konplèks vilajyati ki klas mondyal nan 1000 ekta ki trouve l nan zile New Providence sou cable Beach nan Nassau Bahamas . Gro konplèks sa genyen 3 gran mak otèml ki fonksyone trè byen, pandan ke chak ak fonksyone separeman, pou ofri yon eksperyans nan lix ke w pap bliye. (ca.travelpulse.com). Otèl yo  se Grand Hyatt, SLS Baha Mar ak Rosewood, avèk 2200 chanm e 284 rezidans prive.

Chak otèl genyen pwὸp pèsonalite e kalite inik yo. Sitiye nan pwen ankraj ant de lὸt otèl, Grand Hyatt kompoze de yon tou lès ak lwès dekore nan tèm ak dlo kὸm twal de fon. Chanm modèn e elegan ki genyen soti yonn rive nan twa kabann, byen ke yo pa fèt pou fanmi men ou kapab met fanmi nan yo. (ca.travelpulse.com).

Yo konnen'l sou non otèl fèt , SLS Baha Mar atire jeneralman kliyantèl ki jèn ki enterese fè eksperyans  nan kizin e gen yon mòd vi koten yon pwan plezi anpil (ca.travelpulse.com). chanm yo byen dekore  anpil ak dekorasyon modèn koulè blan. Genyen yon salon anlè a , fet bò pisin nan, plizyè restoran ekstraòdinè ak yon disko.

Otèl ki pi resan ak alamὸd la se Rosewood Baha Mar . Eksperyans kliyan Rosewood genyen entimite pou w dὸmi pa yon zanmi pwὸch ak pozitivite nan vakans lixsye.  Yo bay goute chak jou nan bibliyotèk la e otèl la byen dekore anpil ak motif endijèn, penti yo fèt ak men sou mi yo , e yon koleksyon penti lokal . Ak yon pisin prive e yon plaj aksesib inikman a kliyan otèl la , Rosewood ofri sanktyè kote w ka detann ou pou kὸw nan yon kwen trankil eksklizif pou tout moun ki swete fè foli.

Ekipman konplèks  Baha Mar,  ki ouvri a kliyan ak gran piblik la , genyen yon kazino 9300 m2 ( 100000 pye kare) Galri aktyèl se sant la, e yon teren gὸlf pou Tournament Players Club ki fèt pa Jack Nicklaus (en.wikipedia.org).

Sous:
ca.travelpulse.com
en.wikipedia.org


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.