Souple tann...

Bahamas Ap Selebre 50 Lane Endepandans.

08 sep

Bahamas Ap Selebre 50 Lane Endepandans. 

Chak ane, nan dat 10 Jiyè, Bahamas selebre endepandans peyi a. Men ane sa te toutafè espesyal paske Bahamas t ap selebre 50 lane endepandans li. 

Sekretè jeneral la, doktè Carla Barnett, te adrese mesaj felisitasyon bay pèp ak gouvènman an nan peyi Bahamas nan okazyon espesyal sila. 

"Onorab premye minis, nan non kominote Karayibeyen (CARICOM), mwen adrese sensè felisitasyon bay gouvènman an ak pèp commonwealth la nan Bahamas, nan okazyon senkantyèm anivèsè endepandans la, ki selebre anba tèm "Yon nasyon" "Eritaj nou" "Avni nou". 

Istwa Bahamas 

Istwa Bahamas remonte nan dat Kristòf Kolon. Depi dekouvèt zile a, premye koloni an nan ane 1649, kèk batiman te kreye nan 1780 yo gras kèk kolon ameriken fidèl ak peyi Granbretay. Epi soti 1861 pou rive 1865, Bahamas te pwofite lajman sou gè sivil la. Te gen echanj machandiz tankou koton kont machandiz Britanik. Lè yo retounen, yo te vann machandiz sa pou yon pwofi enpòtan. Nan ane 1898, "Hotel and steam ship service act of 1898", te louvri pòt li bay mond la. Aksyon sa te pèmèt gouvènman an jwenn èd pou l te konstui batiman ak otèl. 

Menm kote entèdiksyon alkòl la te fini nan ane 1934 epi pò anbakman an te efondre, Bahamas te vin devaste ekonomikman.  

Nan mwa Jiyè 1973, Bahamas te jwenn endepandans li. Depi lè sa, yo konnen yon kwasans sosyal ak ekonomik ki remakab epi yo vin devni yon senbòl pwogrè nan Karayib la. 

Gouvènman Wayòm Ini an te bay Bahamas endepandans li nan yon dekrè nan dat 20 Jen 1973. Ki te rantre nan vigè li 10 Jiyè 1973. 

Prens Charles te anonse premye minis Lynden Pindling nouvèl la. Alòske n ap avanse sou Bahamas, koze touris la nan Bahamas popilè depi plizyè ane. Gouvènman an sot siyen yon akò pou zile a ka ajoute yon lòt tèminal kwazyè pou yo ka gen kapasite akeyi tout vwayajè yo sou bèl zile sa ki te jwenn endepandans li sa gen 50 ane ! 

Sekretè jeneral la te deklare : "Mwen kontan, nan non kominote a, pou m adrese pi bon souwè m yo pou devlopman, pwosperite ak byennèt pou pèp bahamyen an, nan okazyon senkantyèm sa".  


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.