Souple tann...

"Goombay Kids" nan Bahamas Ranpὸte Plizyè Pri

04 mas

"Goombay Kids" nan Bahamas Ranpte Plizyè Pri 

Se vre; Bahamas pwodui yon emisyon televize pou timoun ak anpil rekonpans e plis ank. E ane sa, yo ranpὸte pri meyè televizyon nan 2022. Spektak sa pale de yon gwoup timoun k ap eksplore Bahamas e dekouvri peyi a. Spektak sa ki mete an valè kilti zile yo edikatif e ofri yon divètisman sen. 

Kreyatris emisyon an, Stéphanie Nihon, te kontan pataje nouvèl la. " Nihon deklare, sa depase tout sa nou te espere, Nou te konnen ke nou t ap fè yon siksè, men se jis yon lὸt nivo eksitasyon lè yon ὸganism entènasyonal rekonèt talan, efὸ e travay ke nou akonpli, a pwen pou yo remèt nou pri sila. Nou santi n onore, e sa montre ke Bahamas ka kreye yon pwodui dinamik ke lemond antye ka apresye." 

Non sèlman emisyon an amizan pou timoun yo ranpὸte pri meyè televizyon, men kat lὸt pri entènasyonal, pri Festival flm dimond nan Cannes pou meyè seri Web/TV e meyè pwodiktè pou Nihon. Leah Eneas ranpὸte pri meyè aktris Festival fim miltidimansyonèl (Wayὸm Ini) e meyè pilὸt televiyzon. 

Yo pa sèlman ranpὸte pri, men aktè yo ansanm ak casting lan se bagay ki fèt nan peyi a. Transmisyon fὸlklὸ, istwa, kilti ak patrimwàn se fyète tout sila yo k ap travay sou spektak la. Anplis, spektak la kontribye nan asire lavni timoun bahamyen nan ar. 

Nan diskou Nihon, li deklare gratitid li a sponsὸ ak patenè yo paske yo ede reyalize rèv sa pou pèp bahamyen an. 

 

SOUS : imbd.com, facebook.comOURNewsREV, Bahamaslocal.com, thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.